Nan yon moman kote popilasyon Mibalè, Sodo, Laskawobas ak rès zòn Sant la ap viv anba laperèz, anba grangou, anba dezespwa, li ta nòmal pou otorite ki reprezante Leta nan nivo depatman ak awondisman mete tèt ansanm pou soulaje doulè pèp la. Men, sa n ap konstate se tout lòt bagay. Yon dezagreman ki tounen chire pit e diskisyon ant de responsab Leta, Dèlègue Depatmantal Sant lan, Occean Frédérique, ak vis-dèlègue Mibalè a, Jeff Bony Louizia, sou sa ki sanble se kit alimantè FAES, MAST ak DGPC, demontre nosyon imoral pouvwa a vin pran sou do malere.
Poukisa se pou kit ak asistans moun yo oblije batay konsa? Se paske kit la vin tounen pyès monnen politik. Pandan plizyè milye moun kite lakay yo, kite tout sa yo te posede, dòmi nan kondisyon malouk, ak lespwa resevwa ti èd pou manje oswa netwaye tèt yo, men otorite ap goumen pou konnen kiyès ki gen dwa mete foto l sou bwat kit la, ki otorite ki ka distribye li, ki moun pou fè foto pou pibliye sou rezo. Se pa èd imanitè ki gen valè ankò, se kapital politik la!
Olye de planifikasyon, transparans, ak kowòdinasyon pou soulaje popilasyon an, nou jwenn egosantris ak manèv politik ti pa ti pa pou kontwole kit, monte pwen politik, mete tèt pou lavni eleksyon. Se tankou gwo chodyè bouyi vyann kote tout grangou ap foure men san yo pa panse ak timoun ki ap mouri grangou.
Se pa FAES, MAST oswa DGPC ki pwoblèm lan – se jan otorite lokal yo itilize sa pou fè siy olye yo sèvi. Fwistrasyon ak imilyasyon sa ap mete plis lanmèz nan mitan deplase yo, ki deja frape. Kit alimantè pa solisyon pèmanan, men li ta ka yon ti souf. Lè sa menm vin sijè batay ant moun ki sipoze reprezante leta, sa vle di gen fay grav nan moralite otorite yo.
Nou mande pou yon ankèt ouvè, pou konnen kijan kit yo distribye, sou ki baz, ak kiyès k ap pwofite de yo. E nou mande pou mesye sa yo sonje ke sa pèp la bezwen se pa eskandal men sekou. Sa pèp la mande se pa diskou – men diyite pou tounen lakay yo ak sekirite.
Si sa yo ap fè a se yon modèl « leadership », nou ka di klè: se pa limyè y ap limen, men se dife y ap mete sou lanmò espwa.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une