29 sòlda Fòs lame dAyiti (FAD’H) kite peyi a an direksyon Matinik, lendi 21 jiyè 2025 lan, pou suiv yon fòmasyon k ap dire 2 semèn nan kad yon patenarya ant Lafrans ak Ayiti. Twa (3) gwoup sòlda deja benefisye kèk seyans fòmasyon nan plizyè tèritwa fransè depi kòmansman lane a, se sa anbasad Frans an Ayiti raple nan yon nòt li pibliye sou kont ofisyèl X li. Otorite fransèz yo reyafime volonte yo pou akonpaye Ayiti nan batay kont ensekirite a.
Centre à la UNE