21 jiyè 2025 lan make ouvèti nan peyi Etazini pwosè ant Inivèsitè Harvard ak administrasyon Donald Trump lan.

Enstitisyon inivèsitè a akize gouvènman an li pa asire obligasyon finansyè li yo-sitou pandan li jele dè milya dola sibvansyon ki te destine pou rechèch-men tou lè li vle entèfere nan kontni kisis akademik inivèsite a kont tout règ endepandans.

Afè a te demare 14 avril pase a lòske administrasyon Donald Trump lan te kòmanse koupe dè milya dola sibvansyon federal pou Harvard. Kòm repons, inivèsitè a entante yon aksyon an jistis kote li akize gouvènman an vyole dwa Premye amandman an garanti li yo sitou atravè yon << politik ekspilsyon baze sou ideyoloji >>.

N ap raple, tansyon ant Harvard ak administrasyon Donald Trump lan konsènan etidyan etranje yo ap fè pale de li depi kèk tan. Administrasyon Donald Trump lan te bloke fòmèlman inivèsite Harvard pou pa resevwa enskripsyon etidyan etranje yo, daprè New York Times. Se Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) ki te bay lòd pou mete fen ak sètifikasyon pwogram ki pèmèt inivèsite a resevwa etidyan etranje. Se yon mezi ki mete fiti 1 sou chak 4 etidyan inivèsite a an danje, paske etidyan entènasyonal yo reprezante 25% kantite etidyan yo nan inivèsite a.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841