Lendi 21 jiyè 2025, vil Santiago, kapital Chili, te tounen sant yon refleksyon politik solid sou lavni demokrasi ak miltilateralism nan lemonn. Anba tèm “Demokrasi toujou”, plizyè chèf Leta ak dirijan gòch ki soti Chili, Espay, Brezil, Kolonbi ak Irigwe mete tèt ansanm pou lanse yon apèl klè kont politik proteksyonis ak izòlasyonis ki vin tounen nouvo pratik Lèzetazini anba gouvènman Donald Trump.
Rankont sa a fèt nan yon konjonkti delika. Okenn moun pa ka inyore avansman rapid pati ak mouvman ekstrèm dwat yo, kit se ann Ewòp ak Viktor Orbán, Marine Le Pen, Giorgia Meloni, kit se nan Amerik Latin ak sèten kandida ki ap itilize langaj popilis ak eksklizyon pou atake fondasyon demokrasi a.
Prezidan Gustavo Petro (Kolonbi), Gabriel Boric (Chili), Pedro Sánchez (Espay), Lula da Silva (Brezil), lanse yon apèl pou defann prensip ki konstitiye nwayo demokrasi a : divèsite, lapè, dwa moun, verite, ak transparans. Yo denonse mannyè gwo pouvwa etranje, espesyalman Lèzetazini, ap itilize tarif dwanyè, presyon ekonomik, ak entèferans diplomatik pou manipile wout politik ak devlopman lòt peyi.
Yo mete aksan sou bezwen pou ranfòse koperasyon rejyonal ak miltilateral, olye pou peyi kontinye vin plòtonpe yonn kont lòt sou baz ideyoloji oswa enterè komèsyal sèlman. Daprè Prezidan Lula da Silva, “Trump pa eli pou l vin anperè mond lan”. Pawòl sa mete ann ekleraj kontradiksyon estrateji etranje ameriken an ki pi souvan sèvi ak fòs olye dyalòg, ak sanksyon olye koperasyon.
Pandan sa, anpil peyi nan mond lan kontinye tonbe anba efè politik sispens, fake news, ak estrateji destabilizasyon. Se sa ki fè lidè sa yo mete gwo aksan sou nesesite pou goumen kont dezenfòmasyon ki kontamine debat piblik la, fè pèp yo pèdi konfyans nan eleksyon ak nan sistèm demokratik la.
Inisyativ “Demokrasi toujou” a se pa yon senp somè, men se yon apèl pou chanjman. Se yon repons kolektif kont estrateji divizyon, kont menas otoritè yo, ak kont retou ideyoloji ki mete pèp yo yonn kont lòt.
Pou Ayiti, ki ap soufri anba men gang, inyorans ak enjerans, somè sa a se yon rapèl sou valè ki dwe gid nou. Si demokrasi ap defann lòt kote, se pa pou nou fèmen bouch, men pou nou chèche entegre vwa nou ladan li. Nou pa bezwen diktatè, nou pa bezwen manipilasyon, nou bezwen lidè ki kwè nan valè repiblik la ak souverènte nasyonal.
Demokrasi toujou, wi, men ak pèp la, pou pèp la, epi pa okenn lòt mwayen ke verite.
Jean Launy Avril – Centre à la Une