“Ayiti libere tèt li anba esklavaj, men li pa libere tèt li anba lespri kolonyalis.” Frantz Fanon

Gen de zafè ki tèlman tise nan nannan lavi Ayisyen, yo parèt kòm “nòm” men anndan yo se bonm mennen ale ki kontinye fragmante sosyete a. Youn ladan yo, se dilèm koulè a. Se pa senp kesyon po klè oubyen po fonse. Se yon sistèm, yon estrikti, yon yerachi ki pa di non, men ki opere tankou limyè limen pandan tout egzistans sosyete a. « Moun nwa », « moun wouj », « milat », « nèg anba », « nèg anwo » tout se tèm ki pa jis dekri moun selon koulè po yo, men ki sèvi kòm zouti pou klase moun, mete baryè, e jistifye dominasyon yonn sou lòt. Se sou fondasyon sa a n ap bati yon refleksyon ki melanje apwòch sosyolojik, antwopolojik ak istwa politik Ayiti.

Yon fondasyon istoryik ak kolonyal ki pa janm efase

N ap sonje Ayiti sòti nan lesklavaj, kote blan fransè te itilize kategori rasyal pou kontwole popilasyon an. Koloni Sen Domeng te kreye twa gwo kategori: blan, milat (sitou timoun blan ak fanm esklav), epi nèg nwa (esklav Afriken). Kategori sa yo pa t senpman deskriptif, men yo t ap sèvi kòm baz pou distribisyon pouvwa, richès, ak libète.

Apre endepandans, se pa tout sa ki chanje. Gen milat ki te pran plas ansyen kolonyalis yo. Yo te vin nouvo « èlit » la, ak aksè a tè, edikasyon, ak administrasyon. Pandan tout 19yèm syèk la, diskou politik te souvan reflete vyolans sosyal sa a.Jan Jak Desalin te konprann danje sa, lè li mete aksan sou yon Ayiti “pou nèg”, men li pa t ka anpeche sistèm lan evolye ak nouvo fòm dominasyon koulè.

Koulè kòm kòd sosyal ak antwopolojik nan lavi chak jou

Nan sosyete Ayisyèn nan, koulè pa sèlman wè sou po. Li vin tounen yon « mak distenktif », yon zouti idantite ki sèvi kòm yon pèspektiv sou valè moun. Yon moun ki gen po klè souvan wè kòm « pi bèl », « pi entelijan », « pi rich », « pi lavni ». Sa manifeste nan langaj chak jou: « li klè », « li pa trò nèg », « ou bèl pou yon nèg nwa ».

Dapre antropològ Michel-Rolph Trouillot, sa a se yon fòm reprodiksyon imajinè kolonyal, kote koulè po vin tounen baz pou mete moun sou diferan nivo nan echèl sosyal la. Lasyans sosyal dekri sa kòm « pigmentocracy » yon sistèm kote pigman (koulè po) deside sou opòtinite moun yo.

Nou jwenn sa klè nan fason fanmi chwazi mari oswa madanm pou pitit yo (« ou pa ka marye ak nèg nwa sa »), nan jan medya chwazi imaj, e menm nan sinema oswa mizik. Kiltirèlman, sa vin kreye yon priyorite sou sa ki pa nèg e sa ki wèd.

Dimansyon politik ak oligachi

Koulè po vin tounen pa sèlman aparans, men kle pou pouvwa. Yon kout je sou istwa politik Ayiti montre kijan elit po klè yo te toujou gen plis aksè ak fonksyon leta, diplomat, edikasyon ak koneksyon entènasyonal. Pandan lontan, pouvwa politik te chita nan men yon minorite ki idantifye kòm milat oswa « nèg pa two nwa ».

Duvalier te manipile dilèm sa a pandan diktati li a. Li mete tèt li kòm defansè « nèg nwa », kont « milat » ak « nèg sistèm ». Men, sou reyalite, li pa chanje estrikti a. Li itilize ran rasyal la kòm estrateji kontwòl, san li pa brase reyalite ekonomik yo.

Dimansyon ekonomik: koulè kòm kapital

Lè n gade sosyete ekonomik Ayisyen an, nou wè koulè po vin sèvi kòm kapital enplisit. Majorite gran komèsan, bankye, elèv ki al etidye aletranje, se moun ki soti swa nan milaterya oubyen nan klas « po klè ». Sa se pa aza.

Anpil kote travay an Ayiti egzije yon imaj e “imaj” sa souvan vle di yon moun « klè », ki pale fransè, ki “pa twò nèg”. Sa vin kreye yon seri baryè estriktirèl kote moun ki gen po fonse, ki soti nan riral, pa jwenn menm chans. Rezilta? Eksklizyon, fristrasyon, mouvman migrasyon, ak pafwa violans klas.

Chirepit entèklas, entèras e pèspektiv pou demen

Dilèm koulè a mete nèg kont nèg, milat kont nèg, epi tout kont tèt yo. Li kraze inite nasyonal, li brile konsyans klas, li fè n pa wè vrè advèsè nou yo: enstitisyon ki kontinye bloke mobilite sosyal tout jan.

Kounye a, jèn yo ap eseye rekonstwi konsyans. Gen mouvman k ap denonse “kolonyalite lespri a” (dekolonizasyon panse), k ap mete aksan sou valorizasyon idantite nèg. Men li pa sifi, si pa gen politik piblik ki tounen sou ekite, reparasyon istoryik, edikatè konsyan, ak mwayen redistribisyon opòtinite.

Konklizyon: Nou tout anba menm solèy la

Ayiti pa kapab avanse si li pa dekonstwi fonksyon kache koulè po yo. Nou pa ka pale de demokrasi si tout timoun pa ka reve menm rèv. Nou pa ka pale de jistis si koulè po kontwole destin sosyal. E nou pa ka pale de « peyi » si « nèg anwo » ak « nèg anba » kontinye goumen pou pi piti ti pouvwa pandan pèp la ap tonbe chak jou.

Se pou sa, nou lanse apèl sa a: Ann mete limyè sou sa ki t ap opere nan fènwa depi lontan. Ann pale koulè, men pa kòm koulè, kòm chèn pou kraze. Pou sosyete Ayisyen an sòti nan yon mode divizyon pou ale nan yon konsyans kolektif.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar