Nan limyè memwa a, gen flanm ki pa janm mouri. Frantz Fanon, filozòf, sikyat, revolisyonè, ekriven, militan antikolonyàl e defansè limanite, Mwa jiyè sa se selebrasyon 100 lane li. Limyè lavi li, ki limen an 1925 nan Matinik e ki te fè vwayaj la twò bonè an 1961, kontinye limen chemen anpil jenerasyon ki ap chache delivrans anba dominasyon, rasis, enjistis, ak pèdi idantite.

Fanon pa t ekri pou mete tèt li sou podi ( sa vle di : li pa t ekri pou l fè tèt li vedèt oswa chèche glwa. Li te ekri pou sèvi ak vwa li, ak lespri li, pou defann pèp li, pou ede moun konprann opresyon yo.) . Li te ekri kòm moun k ap viv opresyon an, k ap santi l nan po li, k ap goumen pou libète pa vin tounen yon mo vid. Nan Peau noire, masques blancs, li demontre kijan opresyon kolonial ak rasis fè moun pèdi tèt yo, fè yo mete mask pou yo sanble ak lòt, olye yo rete fidèl ak sa yo ye. Li dekode tout pyèj mantal kolonizasyon, li dekouvri traves ki mare lespri moun nwa, e li ouvri pòt refleksyon sou jan “blanchisman” vin tounen aspirasyon kolektif, epi pèdi orijin vin tounen stratèji siviv.

Men se nan Les Damnés de la Terre Fanon mete pi fò kout pwen li. Li bay lekti profètik sou jan sistèm kolonyalis lan repwodui tèt li, sou jan endepandans politik san endepandans ekonomik se makyaj, sou jan boujwazi postkolonyal la pa fè anyen pou mas yo. Li te denonse boujwazi ayisyèn, aljeryèn, afrikèn, karayibèn ki chita sou biwo pouvwa epi bliye foul la. “Chak jenerasyon,” li te ekri, “dwe dekouvri misyon li, ranpli li oswa trayi li.” Pawòl sa a se pa sèl pwezi , se kout klòch pou tout jenerasyon ki ap grandi, ki pa ka fèmen je yo sou zak enjistis, sou laterè sosyo-politik k ap brase nou.

Jodi a, 100 lane aprè nesans li, Ayiti plis pase tout lòt kote bezwen reli zèv Frantz Fanon an. Nan peyi kote kolonizasyon transfòme an gangsterizasyon, kote mizè vin sistèm, kote pouvwa se zam, se lòbèy, se sòti sou kontè, Fanon parèt tankou vwa ki t ap anonse sa nou ye jodi a. Sa ki pi grav la, se ke anpil nan sa Fanon te denonse yo : devalorizasyon lengwistik, opresyon mantal, politik klan, pèdi moral, vin pi fon pase jan li te imajine. Men jefò li fè yo rete esansyèl pou tout batay n ap mennen jodi a kont rasis, inegalite, ak ideyoloji ki fè nou meprize tèt pa nou.

Fanon te wè edikasyon kòm zam. Men pa edikasyon blanchi, men edikasyon ki reveye, ki rebay non, ki remete rasin. Li te kwè revolisyon pa t dwe sèlman politik, men yon chanjman total nan jan nou gade tèt nou, pale tèt nou, santi tèt nou. Se pa san rezon anpil pwofesè, aktivis, jèn etidyan toujou ap cite l kòm sous fòs ak limyè.

Pou Jounal Centre à la Une, selebre 100 lane ekzistans Fanon, se pa mete l sou pyedestal, men mete l nan kè chak atik nou ekri, chak mikro nou mete devan vwa ki pa janm pale yo, chak espas nou ouvri pou kontestasyon ak analiz. Nou kwè, menm jan ak li, nan pouvwa lang lan, nan nesesite revolisyon moral, nan chalè mo ki pa pè di verite.

Fanon ap viv, li viv chak fwa yon jèn deside re-ekri istwa li, refize vale imaj yo mete sou li. Li viv chak fwa nou chwazi lang kreyòl, panse tèt nou pa moun, rele kont mechanste. Li viv chak fwa n ap reflechi sou sa l te di: “Yon sosyete ki pa louvri plas pou chanjman se yon sosyete k ap simen vyolans.”

Jodi a, nou salye ou Frantz Fanon. Pou limyè ou limen an. Pou jan ou leve vwa ou pou sa ki te san vwa. Pou sa ou te ye, sa ou rete, e sa ou ap kontinye enspire.

100 lane d’ekzistans. Epi limyè a poko janm bouke klere.

Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar