Dat 23 jiyè 1987 make youn nan jou ki pi sanginè nan listwa resan Ayiti ak Karayib la : masak Jean-Rabel la, kote 139 peyizan ak peyizàn te asasinen ak san frèt pa milis ak akolit pouvwa a, sou konplisite Leta ak gwo elitis ayisyen. Krim sa pa janm jije, li rete kòm senbòl trayizon Leta kont klas agrè ak viktim kolaborasyon ant pouvwa etranje, legliz, ak boujwazi kont mouvman popilè ki t ap chèche jistis sosyal ak aksè tè.

Peyizan yo ki te mouri se te manm òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, yon estrikti ki te fè pati mouvman ALBA Movimientos, epi ki t ap mennen yon batay pou rekipere tè agrikòl yo, tè ki te anba men kèk grannèg nan fanmi Lucas, Politisyen, ak lòt sektè oligachi relijye ki te gen benediksyon anba legliz katolik ak anbasad ameriken. Rejim Henry Namphy te bay lòd, te fèmen je, oswa pat janm sanksyone zak sa a, ki te fèt ak britalite abominab sou popilasyon sivil, jis paske yo te leve vwa yo pou jistis ak redistribisyon tè.

Masak la rive pandan mouvman revandikasyon peyizan yo te nan pik li, ak lidè tankou Jean Rabel ak militan zòn Marotière ki nan komin Pòdepè, ki te reklame dwa sou tè, aksè a dlo, konsèy teknik, bon grenn ak zouti, epi plas sou mache pou vann pwodiksyon yo. Sa yo se pa dezi kapris, men se reklamasyon lejitim pou yon politik agrè entegre, pou wete peyi a nan lamizè riral ak ensekirite alimantè.

Jodi a, 38 lane apre, revandikasyon sa yo pa janm satisfè. Pami « reprezantan pèp » ki nan pouvwa kounye a, pa gen youn ki leve vwa l pou mande jistis pou 139 viktim sa yo. Boujwazi a toujou kenbe tè, moun andeyò yo toujou ap mouri grangou, agrikilti a deteryore, epi Leta pa janm mete okenn plan serye sou pye pou refòm agrè.

Memwa Jean-Rabel se pa senpleman soufrans, li se egzijans jistis. Li se leson ke sèlman mobilizasyon ak konsyans kolektif kapab kraze chenn estrikti eksklizyon ki mare Ayiti. Li se rapèl ke tout revandikasyon ouvriye, peyizan, jèn ak fanm gen rasin yo nan menas kont sistèm eksplwatasyon ke elit yo toujou vle antere anba « lòd sosyal ».

Nan memwa 139 maren sa yo, nou di :Tè pou moun ki travay li. Dwa pou moun ki soufri. Jistis pou viktim Jean-Rabel.Ayiti pap janm boujonnen sou masak ak lenjistis. Li dwe grandi sou memwa, sou repons, epi sou jistis.

Jean Launy AVRIL, Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar