Otorite amerikèn yo mete fen ak rimè lè yo devwale rezon arestasyon ak detam9momommo9m7nsyon òm dafè ayisyen an Réginald Pierre Boulos. Ant akizasyon li destabilize Ayiti ak li kreye yon pati politik ki pa Exilaire oiiiioo7lmloooo7oo7io7 67i8Pou ki rezon yo arete Réginald Pierre Boulos ?7, chaj ki kenbe kont Doktè Boulos yo anpil.

Responsab Immigration and Customs Enforcement (ICE) fè konnen, nan yon nòt ki pibliye lendi 21 jiyè 2025 pase a, yo arete Réginald Pierre Boulos pou patisipasyon prezime l nan destabilize Ayiti, sitou atravè soutyen li a plizyè gwoup ame, epitou wòl li nan mizanplas yon pati politik ki pa anrejistre. Yon akizasyon koripsyon ki mansyone nan yon rapò Inite Lit kont Koripsyon (ULCC) figire tou pami chèf akizasyon yo.

N ap prezise, enfòmasyon yo fè kwè yo ta dwe tande Réginald Pierre Boulos 31 jiyè k ap vini la, daprè Miami Herald, ki site enfòmasyon ki sòti nan sous entèn. Òm dafè ayisyen an Réginald Pierre Boulos te jwenn arestasyon l jedi 17 jiyè 2025 lan nan peyi Etazini.

Réginald Pierre Boulos ki fèt Nouyòk (Etazini) twouve li pou moman an nan prizon pa sèvis egzekisyon ak ekspilsyon ICE, daprè sa otorite amerikèn yo raple. Òm dafè ak politisyen Boulos genyen yon diplòm nan medsin (1981) nan Fakilte medsin Pòtoprens (Ayiti) ; li genyen tou yon metriz nan sante piblik ak nan medsin twopikal.

N ap raple Pierre Réginald BOULOS transfére, mèrkredi 23 jiyè 2025, au Federal Detention Center (#FDC) Miami, selon enfòmasyon jounalis Valério SAINT-LOUIS konfime.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841