Michel André, yo revoke viza li, fè << yon blag >> sou prezidans lan. Me. André Michel anonse, dimanch 27 jiyè 2025 sa sou kont X li, kandidati li pou pwochèn eleksyon prezidansyèl yo.

Me. André Michel p at rive vwayaje pou ale Etazini, samdi 26 jiyè 2025 lan, li te bloke nan ayewopò entènasyonal Kap-Ayisyen. De (2) vòl komèsyal a destinasyon Miami te dekole depi Kap-Ayisyen, men ansyen opozan an p at kapab anbake. Daprè enfòmasyon ki disponib, Mèt Michel ta bloke pa sèvis imigrasyon ayisyen an kowòdinasyon avèk konpayi Sunrise sou baz yon lis pèsonalite politik ak ekonomik ayisyèn ki entèdi pou rantre Etazini. Yon lis ki ta transmèt pa otorite amerikèn yo.

<< J’annonce mes ambitions présidentielles pour les prochaines élections. Je porterai un projet politique axé sur la sécurité, le développement économique et social, la souveraineté nationale. L’élimination des gangs armés est ma première priorité! Nou pa nan dyalòg ak gang! >> se sa Me. André Michel ekri sou kont ofisyèl X li.

Dimanch 27 jiyè sa, san li pa di anyen sou restriksyon li pou vwayaje ale nan peyi Tonton Sam, André Michel anonse anbisyon politik li. Manm enfliyan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP), Me. André pa bay okenn eksplikasyon sou mezi amerikèn sa. Li prefere detounen atansyon an lè li anonse l ap kandida pou prezidan.

Pou rapèl, sitwayen an ki rele tèt li Avoka Pèp la @avokapepla te deja prezante nan eleksyon prezidansyèl 2015 yo. Èske se nan pèspektiv yon paspò diplomatik ki motive anbisyon prezidansyèl sa ? Yon estrateji pou kontoune sètèn restriksyon vwayaj ?

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.