Ayiti leve chak maten ak flanm dife sou do li, ak lari ki pa sispann rele, ak jèn ki pa gen avni, ak manman k ap kriye pitit yo anba bal, ak pèp ki viv ak lapèrèz plis pase lespwa. Men antouraj pouvwa a, politisyen, oligak ak machann kriz yo te toujou viv ak konfò ak iminite. Yo te kwè, ak bon paspò diplomatik, bon kont labank lòtbò dlo, bon kontak ak Tonton Sam, lavi yo p ap janm deranje. Men sa yo pa t janm wè se ke rekreyasyon an fini, e se moman rekòlte pikan yo te simen an.

Depi kèk semèn, anpil nouvèl ap sikile sou lis politisyen ayisyen ak gran chabrak ki jwenn entèdiksyon pou antre sou teritwa Etazini. Viza yo koupe. Dosye yo ap tann. Anpil ladan yo deja ap eseye “pe bouch”, swa nan laprès, swa nan sinema diplomasi. Yo panike, men se pa pèp la ki met yo nan eta sa. Se grenn trayizon yo te simen ki ap pouse, e se tan rekòt la ki sonnen. Antouraj pouvwa a kòmanse tranble, paske refij yo – Miami, New York, Boston – pa tèlman akeyan ankò. Fanmi yo, ki te gentan al viv lòt bò dlo, vin jwenn baryè; biznis yo ekspoze; non yo sou lis. Se tankou bòlèt yo tonbe sou 66, epi malè tonbe sou sèk sakre a.

Sa se pa jistis. Se sèlman refleksyon imoralite politik nou an. Se pa reparasyon. Se sèlman on avètisman ke sistèm pèsonn pa genyen kontwòl sou li ankò. Gen politisyen k ap rakonte, dèyè mikwo, ke “se desizyon politik,” “se dosye monte,” “se manipilasyon entènasyonal.” Men pèp la konnen pi byen. Se pa ak manti nou ka kouvri blesi lavi chak jou. Se pa ak pale nou ka kache kadav chak ti katye. Se pa ak bèl pawòl nou ka netwaye men sal ki fin pase sou tout resous peyi a.

Se menm politisyen sa yo ki te mete zam nan men jèn yo, mete geto ap goumen youn ak lòt, mete bidonvil anpeche dòmi. Yo te sèvi ak kriz pou kontwole pouvwa. Yo te itilize “chita pale” pou regle zafè pèsonèl. Yo te pran lajan Leta pou jere kanpay pèmanan. Epi yo te panse Tonton Sam t ap toujou la pou sove yo. Men Tonton Sam fache, Tonton Sam boude, Tonton Sam ap re-evalye zanmi li yo.

Nou menm, nan Centre à la Une, nou pa plede selebre ni desann pèsonn. Men nou kanpe pou memwa, pou jistis, pou nasyon. Si viza koupe se premye siy pou fè sa ki nan tèt kòmanse reflechi sou move chemen yo, se deja yon ti limyè nan mitan tanpèt la. Men nou pa dwe fè erè. Solisyon pa soti nan pèdi viza, men nan rekonstriksyon radikal eta a. Nou pa ka kontinye viv ak yon klas politik ki sèvi tèt li, pandan li pèmèt timoun nan Bel-Air, Site Solèy, Gran Ravin oswa Matisan viv tankou bèt.

Tan jwe a fini. Se tan reflechi. Se tan rann kont. Se tan pou moun ki te pran Ayiti pou tranzit, ak fon piblik pou valiz pèsonèl, konprann ke nasyon an ap leve, e li p ap janm tolere trayi ankò. Ayiti bezwen pa sèlman sanksyon etranje, men aksyon nasyonal. Li lè pou nou mete moralite kote lajan te ye, e mete nasyon kote enterè pèsonèl te okipe plas la.

Rekreyasyon an fini. Ayiti ap gade nou. Istwa ap jije nou. E jenerasyon k ap leve a p ap padonnen nou si nou pa chanje wout.

Jean Launy Avril, editoryalis-Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar