Minis Jistis Ayiti a, Patrick Pélissier, pase lòd semèn sa a pou lapolis tou arete Ayisyen Etazini ak lòt peyi depòte sou baz krim finansye oubyen konplisite ak gang ann Ayiti. Minis la fè konnen pandan tout enstriksyon an komisè gouvènman an ap transmèt nan kabinè enstriksyon an tout lòt endis ki vin ajoute sou ka moun nan.
ap remèt bay komisè gouvènman, tout resòtisan Ayisyen, Etazini oubyen nenpòt lòt peyi depòte ou ekstrade ki ta akize nan fè ou tante fè krim finansye nan peyi Dayiti, ki akize nan soutni, finanse, konseye, ede gwoup teyoris yo dirèk ou endirèkteman nan komèt krim yo ann Ayiti.
Selon yon pwotokòl Ministè Lajistis, nan tretman dosye resòtisan Ayisyen ki depòte ak ekstrade pou motif nou site yo, pral nan gadavi DCPJ oubyen nan lòt sant detansyon yo sou lòd komisè gouvènman.
San delè avèk dilijans chèf pousuit la pral prepare dosye yo epi defere yo kabinè denstriksyon.
Pandan tout tan enstriksyon an, komisè gouvènman pral transmèt bay kabinè denstriksyon tout nouvèl endis ki revele, gras ak sipò enstitisyon kontwòl finansye kou UCREF, BAFE, ULCC, IGF, elatriye