28 jiyè 1915, yon jou ki make nan zo rèl listwa Ayiti. Jou sa, Marin ameriken debake nan Pòtoprens, ouvè pòt sou yon okipasyon ki t ap dire 19 ane, jiskaske yo te “ofisyèlman” kite peyi a an 1934. Men, nan reyalite, 28 jiyè 1915 pa janm fini. Depi lè sa a, Ayiti rete yon tèritwa sou enfliyans dirèk Etazini, anba diktati politik, ekonomik ak militè li yo, jouk rive nan kriz san fen n ap viv jodi a.

Okipasyon an te kòmanse ak pretèks “sekirite” ak “estabilite”, men anndan li, se te yon plan kolonizasyon modèn. Ameriken yo te pran kontwòl Bank Nasyonal Ayiti, yo te fè yon nouvo Konstitisyon 1918 ki pèmèt etranje posede tè, yo te fòse peyizan yo nan travay fòse sou chantiye wout yo. Dèyè lòd ak lapè yo te pwoklame a, te gen imilyasyon, masak, ak esklavaj modèn, tankou masak Lasalin nan 1929 ak represyon sou Kòkò yo nan Nòdwès.

Depi lè sa a, menm lè drapo a t ap flote, souverènte Ayiti te vin senbolik. Chak desizyon politik enpòtan, chak gouvènman fòse, chak koudeta oswa misyon “stabilizasyon” soti 1915 rive jiska misyon MINUSTAH ak misyon BINUH jodi a, pote mak dominasyon Washington. Lame Ayisyen te vin yon zouti nan men politik etranje, sistèm finansye a mare ak diktati FMI, epi elit politik la chwazi fè alyans ak enperyalis olye li fè alyans ak pèp li.

Jodi a, 28 jiyè 2025, Ayiti nan pi gwo kriz istorik li : gang ap fè lalwa, Leta kraze, ekonomi ravaje, pèp la ap chape poul li nan lanmè ak sou fwontyè. Nou ta ka kwè sa se echèk sèlman pèp ayisyen, men an reyalite, sa se rezilta yon estrateji depandans ki soti 1915. Chak fwa Ayiti eseye leve tèt li, chak fwa li eseye trase pwòp chimen li, men Washington ak alye li toujou mete men, swa ak koudeta, blokaj finansye, swa ak enstalasyon pouvwa “tranzitwa” ki depann de yo.

Editoryal sa a pa pou swaf ravaj, men pou raple nou : 28 jiyè se pa sèlman yon dat sou kalandriye, se yon egzijans memwa ak liberasyon. Sèl fason pou Ayiti sove nan lanfè li jodi a, se pou l reprann souverènte reyèl, pa sèlman nan diskou, men nan ekonomi, nan politik, nan sekirite, ak nan vizyon devlopman.

Tantativ pou chape anba lonbraj 28 jiyè 1915 la pap fasil. Men, oswa n reprann tèt nou, oswa n ap toujou viv kòm yon nasyon sou respiratè etranje.

Jean Launy AVRIL, editoryalis Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar