Depatman Sant la ap kriye nan silans depi plis pase kat mwa. Mibalè, kapital ba plato santral, ansanm ak vil Sodo, tonbe anba kontwòl gang san yon kout pye Leta pa janm leve. Nan peyi ki fèk selebre plis pase yon syèk depi okipasyon ameriken an, Leta santral la ap repwodui menm imilyasyon istorik la : li fèmen zye sou soufrans pwòp sitwayen li yo, li trayi misyon li, li lage tèritwa a nan men bandi ame.

Nan Mibalè ak Sodo, se pa sèlman popilasyon an ki abandone, men se Leta li menm ki al kache. Komisarya yo lage nan men gang yo, lapolis yo disparèt nan lari a, e kèk nan yo al abite nan konfò otèl, tankou se tonton gouvènman an ki te voye yo an vakans. Silans ak inèsyon sa a fè konprann yon verite brital : gen nan tèt Leta a ki konfòtab ak kriz la, tankou si destriksyon sa a t ap sèvi yo nan jwe pwòp jwèt politik yo. Pandan popilasyon an ap deplase, ap kouri kite kay yo, ap dòmi anba tant, ap pase lannuit ak grangou, polisye yo ak chèf yo ap goute klima otèl klimatize. Se yon imaj imilyan nan enkonpetans ak dekoneksyon otorite yo nan depatman Sant la .

Plizyè chanjman fèt nan tèt lapolis nan Depatman Sant la pandan kat dènye mwa yo : yo ranplase direktè depatmantal la, yo chanje komisè polis Mibalè a, men tout mouvman sa yo rete senbolik sèlman. Okenn operasyon serye pa janm lanse pou reprann vil yo anba kontwòl gang yo. Lè finalman yo eseye entèvni, se ak yon efèktif redwi, san estrateji klè, san volonte pou fini ak gang yo. Rezilta a toujou menm : polisye yo tonbe youn apre lòt, vil la rete livrezon, epi popilasyon an ap peye konsekans enkonpetans ak neglijans sa yo.

Depatman Sant la se pat premye avètisman pou yon kriz nasyonal. Si te gen yon dyalòg reyèl, yon prevansyon estratejik, yon volonte politik pou anpeche masak sa yo, Mibalè ak Sodo pa t ap tounen tè eksperimantasyon gang yo. Men gouvènman an ak tout apendiks li yo te pito fè konplisite ak inèsyon . Yo tounen obsèvatè nan pwòp kraze-brize yo, tankou yon Leta ki pran plezi gade tèt li boule. Lè sosyete sivil la te deside pran responsabilite, li antre nan jwèt la ak pwojè vid, pwomès twou san fon, ilizyon bidon ki tounen fiasko. Pwojè sa yo, ki te fèt pou remete diyite nan men moun deplase yo, tounen pwopagann restoran bidon ak kit alimantè pou fè foto sou rezo sosyal yo. Sa ki plis imilyan, se lè pwòp otorite yo antre nan goumen ant yo menm, chak ap batay pou kontwòl yon pwojè ki pa menm gen anyen solid dèyè li.

Kote fòs ame ki te dwe “pwoteje” popilasyon an? Yo te vin Mibalè ak Sodo san estrateji, san plan, san volonte pou deboulonen sitiyasyon an. Yo limite yo nan provokasyon gang yo, pouse plis panik, plis kouri, plis egzòd. Pandan se tan, otorite yo kontinye ap pale de “reparasyon” tankou si pawòl vid sa yo t ap ka rebati lavi kraze, tè boule, ak espwa fini. Fòs politik yo sanble pi okipe nan garanti pouvwa ak enterè pèsonèl pase nan sove popilasyon an.

Depatman Sant la, ki toujou te yon motè espirityèl ak istorik pou rezistans nasyonal( nou pa ka bliye Chalmay Peral, Benwa Batravil) , tonbe jodi a anba yon okipasyon entèn. Okipasyon sa a pa pote drapo etranje, men li pi imilyan pase sa 1915 te ye, paske li soti nan trayi misyon Leta Ayisyen. Lè yon Leta ak chèf li yo fèmen zye pandan kat mwa sou bandi ki ap detwi yon depatman antye, se prèv ke kriz la depase nivo sekirite : li vin tounen yon kriz moral, yon kriz politik, yon kriz nasyonal.

Jiska jodi a, pèp Mibalè ak Sodo poko janm jwenn okenn nouvèl sou moun ki te lanse dyalòg ak Konsèy Prezidansyèl Tranzitwa a (CPT) pou chèche yon solisyon ak kriz la. Fritz Alphonse Jean, ki te pran angajman piblik pou pote reparasyon bay viktim yo ak popilasyon deplase yo, rete nan silans konplè. Kilè pwomès sa yo pral vin reyalite ? Eske reparasyon sa yo ap janm fèt, oubyen se te yon lòt manti politik pou fè pèp la rete tann pandan soufrans la ap agrave chak jou ?

Kesyon an leve pou tout konsyans ki rete vivan nan peyi sa a : èske nap kontinye tolere enkonpetans sa a? Èske nou pral kite Mibalè ak Sodo vin senbòl yon peyi ki fin lage nan men bandi ak pwojè bidon? Lè istwa ap jije epòk sa a, li pap sèlman akize gang yo, men li ap make non tout otorite ki te chwazi fèmen zye, kite san pèp yo koule, e prefere goute konfò otèl pandan depatman yo ap tounen simityè espwa.

An final, pèp la ka tann ankò, men li pa ka viv sèlman nan espwa ak nan fo pwomès. Lavi ekonomik, sosyal ak edikatif yo pa ka rete sou plas pandan otorite yo ap jwe ak tan pèp la. Restoran kominotè yo, ti kit alimantè yo, foto pou fè maketing politik sou medya yo, tout sa se moso pyès teyat ki pa ka ranplase yon solisyon dirab ak pèmanan. Pèp Mibalè ak Sodo a pa mande anpil: yo vle reprann aktivite ekonomik yo, ouvè mache yo, ouvè lekòl yo, reouvè lopital la, respire nan yon vil ki pa anba men asasen, kidnapè ak bandi. Yo bezwen wè yon plan solid pou retabli sekirite a, rekonstriksyon sosyal la, ak lavi nòmal la tounen. Chak jou ki pase san aksyon klè se yon jou pèdi pou rekiperasyon depatman Sant la, e se yon lòt blesi nan kè yon popilasyon ki fin bouke ak manti ak inyorans. Tout rès la se demagoji, teyat politik ak konplo silans ki kontinye meprize diyite yon pèp ki tèlman soufri anba enkonpetans ak iresponsablite moun ki pran tèt Leta a kòm jwèt pèsonèl yo. Si gouvènman an ak tout alye li yo kontinye nan menm tandans sa a, listwa ap sonnen jijman li pi vit pase sa yo panse.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar