Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) mete jodi mèkredi 30 jiyè 2025 la, yon avi rechèch kont jounalis Guerrier Henri, yon figi piblik byen koni nan espas medyatik ayisyen an. DCPJ akize prezantatè vedèt emisyon Boukante Lapawòl la de afilyasyon ak kowalisyon teworis “Viv Ansanm,” anrichisman ilegal, epi blanchiman lajan.

Daprè sa ki tabli kòm enfòmasyon, Henri te resevwa yon konvokasyon pou l parèt devan DCPJ lendi 28 Jiyè pase a, men li pa t reponn a apèl lan. Otorite jidisyè yo fè konnen absans li a reprezante yon refi klè pou kolabore ak sistèm jistis la. Nan kontèks sa a, DCPJ deside mete yon avi rechèch ofisyèl dèyè l.

Pou kounye a, DCPJ pa bay plis detay sou prèv oswa eleman ki ta jistifye akizasyon yo. Sepandan, sous nan mitan lapolis fè konnen ankèt lan konsène relasyon posib Guerrier Henri ak mouvman “Viv Ansanm,” ki se yon estrikti ke nasyonzini rekonèt kòm yon òganizayon teworis kap simen latwoublay nan peyi Ayiti.

Paralèlman DCPJ lanse apèl bay popilasyon an pou l kolabore epi bay nenpòt enfòmasyon ki ta ka mennen otorite yo jwenn Guerrier Henri, pandan nap raple ke jounalis la poko deklare koupab jiskaske lajistis pwononse l sou dosye a.

Dosye a rete ouvè e ap tann plis devlopman nan jou k ap vini yo.