« La justice élève une nation, et la justice ne vit pas de scandale. »
Men ki sa nou jwenn an Ayiti jodi a ? Yon peyi kote enpinite tounen lwa, kote tout sistèm nan plwaye devan kèk non, kèk klan, kèk moun ki kwè yo pi fò pase Leta. Dosye jounalis Guerrier Herny a se yon miwa k’ap montre figi sa ki rete nan jistis nou. Liy editoryal la tap swiv li ak sansiblite ak pasyans, e menm si nou te sispèk li t’ap rive nan pwen sa a, nou pa t panse li t’ap frape konsa : vit, vyolan, ak tout pouvwa l.
DCPJ yon direksyon ki la pou fè ankèt syantifik tounen yon direksyon zenyèz ak politik. Men kisa PNH la pibliye jodi a sou yon polisye ki nan enstitisyon an ki aktif kote enstitisyon an konnen byen kote li ka jwenn polisye:
« Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) te lanse yon avi rechèch kont polisye Cadet Jean Junior, ki te vin rann tèt li bay Ajan DCPJ yo pou odisyone l. Aprè odisyon l anketè DCPJ yo, pa rive retni okenn chaj kont polisye Cadet Jean Junior. Sa ki pèmèt li kontinye ranpli fonksyon li kòm ajan Polis Nasyonal la. » Èske DCPJ ka retire tach opinyon piblik la ki te gentan kwè polisye sa se yon zèfèyis.? Èske se pa menm ka tou ki pral rive pou Guerrier lè yo fin tante asasine karaktè li ak diyite li?
Tout Ayiti abitye wè ti rivalite jounalis yo : Louko, Bob C, Gary, Guerrier… Men fwa sa, sa depase jwèt mikwo. Rudy Sanon, konikè espò ki konvèti tèt li an analis politik, antre nan jwe kòm pyon Pierre Espérance, moun ki tounen yon “Eta nan Eta a”. Jodi a, Lapolis, DCPJ, ak lòt enstitisyon yo sanble bese zepòl devan li.
Poukisa?
Paske Guerrier Herny se sèl vwa ki oze kenbe limyè sou plizyè dosye kriminèl ak koripsyon ki enplike rezo sa yo. Nan mitan yo, gen lajan plizyè milyon goud BMPAD ki te evapore pandan gouvènman Privert la, ki te menm fini ak demisyon Marie Yolène Jules, yon afè Pierre Espérance pa janm ka esplike.
Pierre Espérance, tèt RNDDH, pa sèlman prezante tèt li kòm defansè dwa moun. Li tounen jij, polisye, ak prokirè san manda. Depi ou pa nan liy li, li fabrike dosye sou ou. Yè, se te “dosye dwòg”; jodi a, se “dosye gang”. Li mache ak mikro entènasyonal yo, fè rapò nan Nasyonzini, epi li itilize pè a pou silansye moun. Li se toutè ofisyèl anbasad ameriken, epi kounye a, li vin chèf moral yon sistèm ki fèmen je sou gang k’ap masakre pèp la.
Gade byen : DCPJ monte tout estrikti li sou dosye Guerrier Herny a. Men gang yo, yo lib, yo ap piye, kidnape, bloke wout nasyonal yo, boule polisye vivan. E DCPJ fèmen bouch li. Sa vle di kisa? Sistèm nan tounen restavèk. Restavèk yon sèl non, yon sèl rezo. Pandan peyi a ap ravaje anba dife ak san, yo chwazi sèvi ak la lwa pou fèmen bouch jounalis ki pi deranje yo.
Se pa sèlman dosye Guerrier Herny. Se dosye tout sosyete a. Se dosye tout viktim yo, dosye tout moun ki fatige viv anba diktati enpinite sa. Yon peyi ki pa gen jistis, ki lage polis ak tribinal yo nan men loby ak ONG politize, se yon peyi ki deja nan twou. Si près la ak sitwayen yo pa leve kanpe, demen ap pi fon pase jodi a.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une