Jij Jorge Pereira tande Pierre Réginald Boulos jedi 31 jiyè 2025 lan jan sa te prevwa. Jij la voye jete demann liberasyon kondisyonèl avoka Boulos te fòmile a epi voye òm dafè a nan yon sant detansyon. Yon nouvèl odisyon prevwa pou fen mwa dawout la.
Pandan premyè seyans sa, majistra a deside kenbe òm dafè Pierre Réginald Boulos nan prizon jiska pwochèn odyans lan ki prevwa pou fèt fen mwa dawout la, aprè li fin rejte demann liberasyon kondisyonèl avoka Boulos te mande a.
Men yon lòt kote, plizyè dizèn ameriken ki genyen orijin ayisyèn te rasanble nan alantou sant detansyon an mete vwa yo ansanm pou reklame kondanasyon lidè pati MTV a, daprè enfòmasyon yo. Doktè Boulos akize li enplike nan destabilize peyi a, li nan koripsyon epi li bay manti avèk otorite imigrasyon yo.
Pou rapèl, Ajans Immigration and Customs Enforcement (ICE) te konfime Pierre Réginald Boulos pèdi estati legal li Etazini paske l bay manti nan dosye li. « Sitwayen ayisyen Pierre Réginald Boulos neglije mansyone kanpay vyolans li ak soutyen a gang pou destabilize Ayiti sou dokiman kandidati li yo », se sa ICE te deklare sou Facebook dimanch 27 jiyè pase a, lè li te presize Réginald Boulos pral byen akeyi pa Inite lit kont koripsyon @ULCCHaiti pandan pwochèn ekspilsyon li an Ayiti.
Anpil ayisyen di yo swete yo voye tounen an Ayiti Pierre Réginald Boulos piske responsab ICE yo arete l jedi 17 jiyè 2025 lan nan peyi Etazini pou patisipasyon prezime l nan destabilize Ayiti, sitou atravè soutyen li a plizyè gwoup ame, epitou wòl li nan mizanplas yon pati politik ki pa anrejistre. Yon akizasyon koripsyon ki mansyone nan yon rapò Inite Lit kont Koripsyon (ULCC) peze sou do òm dafè ayisyen an tou.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE