Nan dinamik sosyal ayisyèn nan, n ap obsève depi plizyè dizèn lane yon mekanis stigmatizasyon ki tounen yon estrikti pouvwa anndan sosyete a. Yon mekanis konsa pa sèlman yon kesyon moral oswa etik, men li vin tounen yon zouti politik ak sosyal pou fèmen bouch moun, izole opozan yo, epi konsolide dominasyon kèk gwoup sou rès sosyete a.
Nan ane 1980-1990 yo, etikèt prensipal la se te “dwòg dilè”. Nan kontèks sa a, anpil moun ki t ap kritike sistèm nan, oswa ki refize antre nan rezo pouvwa yo, te jwenn tèt yo ak dosye dwòg fabrike. Stigma sa a te sèvi kòm yon zouti pou kraze repitasyon yo, retire lejitimite yo nan zafè piblik, e souvan louvri pòt pou represyon politik. Nan epòk sa, menm yon sispisyon te sifi pou elimine yon vwa deranjan nan espas piblik la, paske nan imajinè kolektif la, “dwòg dilè” te vin sinonim ak kriminèl ki pa gen dwa pale.
Nan epòk aktyèl la, etikèt la chanje fòm men li pa chanje fonksyon. Nou antre nan yon sosyete gangsterize, kote tout lòj sosyal, politik, ekonomik ak menm kominotè, ap viv anba dominasyon diskou sou gang. Rezilta : depi ou panse diferan, ou pa antre nan lojik moun ki gen pouvwa nan rezo enfliyans yo, yo kole sou ou etikèt “alyans ak gang”. Nan lojik sa a, pa bezwen gen okenn prèv; etikèt la vin tounen yon zouti sosyal pou de-legitime opozan an. Se yon strateji dominasyon senbolik, jan Pierre Bourdieu te dekri l nan analiz li sou pouvwa senbolik yo : moun ki kontwole langaj stigmatizasyon an, se yo menm ki kontwole imaj lòt moun nan je sosyete a.
Fenonmèn sa a pote konsekans sosyolojik grav. Li kraze konfyans sosyal (trust social), li fè espas piblik la tounen yon tèren pe kote moun ezite pran pozisyon, paske tout moun pè viktim etikèt la. Lè sa rive, sa diminye kapasite deliberasyon demokratik, paske dyalòg sosyal la anpeche pa laperèz stigmatizasyon. Tout opozisyon vin tounen yon ris sosyal ak sekirite, olye li tounen yon deba ideyolojik oswa politik nòmal.
Yon lòt aspè enpòtan nan analiz sa a se efè kouran sou konstriksyon sitwayènte. Sitwayènte ayisyèn lan deja fragil akoz ensekirite, enpinite, ak vyolans estriktirèl. Lè etikèt yo vin tounen zam sosyal ki sèvi ak “dwòg dilè” yè ak “gang” jodi a, sa fè espas sitwayen an fèmen. Sitwayen ki pa gen pwoteksyon rezo yo vin plis vilnerab, paske yo ekspoze a krimininalizasyon senbolik, epi souvan sa ka fini nan krimininalizasyon legal atravè enstitisyon ki deja plwaye anba presyon politik oswa rezo enfliyans.
An rezime, sa k ap dewoule an Ayiti la a, se pa yon senp chanjman nan vokabilè oswa tandans medyatik. Se yon mekanis sosyal ak politik ki sèvi ak etikèt pou kontwole, fèmen bouch, ak elimine moun ki panse diferan. Yon sosyete ki fonksyone konsa ap antre nan yon espiral pè ak silans, ki se prelid otoritaris ak diktati sosyal. Solisyon an mande yon rebatay sou etik, yon rekonstriksyon konfyans sosyal, epi yon re-fondasyon espas piblik la, kote diferans opinyon pa vin tounen yon swisid sosyal oswa legal.
Jean Launy Avril, editoryalis-Centre à la Une