Pafwa mwen gade kòmantè anpil jèn sou rezo sosyal yo, epi mwen rete san mo. Aprè tout tèks ki denonse enpinite, dezòd, move pratik lajistis, ak manipilasyon enstitisyon tankou DCPJ, mwen wè yon pakèt jèn – anpil ladan yo se inivèsitè – kouri antre nan menm diskou ak sistèm k ap fin kraze peyi a. Yo pa pran yon rekil, yo pa fè efò pou analize, yo repete sa yo tande a tankou se laverite absoli. Sa fè mal, paske se menm mantalite sa a k ap kondwi peyi a nan twou depi plizyè dizèn lane.
Lè yon jenerasyon grandi san kapasite pou reflechi ak frape ak objektivite, li fasil pou vote nenpòt moun, pou leve drapo dèyè nenpòt kandida, pou soutni nenpòt politik ki pi ba peyi a nan labou. Jenès sa a, ki te dwe limyè ak konsyans sosyete a, souvan vin tounen piyon pou sistèm nan. Se poutèt sa nou jwenn tèt nou ak majistra, depite, senatè, ak prezidan ki pa vo konfyans pèp la, paske yo se pitit mantalite sa a. Tris pou sosyete a, men se reyalite.
Natirèlman, gen eksepsyon. Gen kèk jèn ki rete veyatif, ki analize, ki peze difizyon manti yo, epi ki chèche sèvi ak konesans yo pou eklere lòt yo. Men yo raman jwenn sipò nan yon espas kote majorite a prefere fè bri olye yo fè refleksyon. Si modèl jenès sa a pa chanje, si inivèsite yo pa tounen espas pou devlope panse kritik ak responsabilite sosyal, peyi a p ap janm soti nan espiral echèk la. Paske demen peyi a ap toujou san limyè si jodi a, jenerasyon ki te sipoze limen flanbo a, chwazi danse nan fènwa.
Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une