Aprè yon operasyon siveyans, Polis Nasyonal d Ayiti atravè Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) pwosede a arestasyon Nenel Cassy, samdi 2 dawout 2025 lan, nan yon restoran nan Petyon-Vil.
Ajan polis nasyonal yo t ap chèche kou chen fou Nenel Cassy depi lè yo te lanse yon avi rechèch kont li nan dat 18 fevriye 2025. Men chèf akizasyon yo : konplo kont sekirite entèn Leta ; finansman òganizasyon kriminèl ; konplisite nan asasina ak asosiyasyon malfektè se pami fè yo repwoche ansyen senatè Nenel Cassy nan kad plizyè ankèt k ap kontinye trete nan DCPJ.
Ansyen senatè depatman Nip lan Nenel Cassy rejwenn akolit li yo, ansyen depite Prophane Victor ak ansyèn Direktris SNGRS Magalie Habitant, ki se 2 ansyen wo fonksyonè Leta yo arete epi mete nan prizon pou lyen yo avèk gang ame.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE