Yon lòt fwa ankò, gang yo frape nan kè libète laprès la an Ayiti. Fwa sa, se animatè Rudy Sanon, ki pote emisyon “Se sa nou vle” sou rezo sosyal yo chak lendi ak samdi, ki sibi entimidasyon ouvè. Emisyon sa, ki gen yon lojik denonse tout kouch nan sosyete a, vin tounen sib menas dirèk. Nan plizyè videyo ki vin viral sou rezo sosyal, bandi yo menase tout konpayi ki sponnsorize emisyon an : yo pwomèt pou “kraze yo” epi fè presyon sou anplwaye yo si yo pa retire sipò yo.

Nou nan Centre à la Une leve vwa nou pou denonse ak kondane tout pratik entimidasyon sa yo. Gang yo pa ka kontinye enpoze lalwa pè sou kominote laprès la. Lè yo rive nan nivo kote yo pa sèlman vize jounalis yo, men yo antre dirèk nan relasyon ant medya ak sponnsò, sa montre konbyen sistèm kriminèl la ap taye banda sou demokrasi ak libète esansyèl yo.

Nou konnen byen gen diskisyon etik sou fason ak metòd Rudy Sanon konn itilize nan emisyon li yo. Gen pratik ki pa toujou kadre ak pi bon estanda pwofesyon jounalis la, e sa merite yon refleksyon. Men, sa pa ka sèvi kòm eksplikasyon, ni jistifikasyon pou menas kriminèl. Jodi a se li ; demen, nenpòt lòt jounalis oswa sitwayen ki leve vwa li ka sibi menm presyon an.

Gang yo pa ka deside kiyès ki dwe pale ak kiyès ki dwe fèmen bouch. Sosyete a dwe konprann ke chak fwa yo fè silans sou entimidasyon konsa, se yon lòt pyès nan demokrasi a k ap kraze. Laprès la, menm ak tout enpèfeksyon li yo, rete yon poto mitan nan defans libète ak nan denonsyasyon vyolans. Jodi a, nou fè konnen byen fò : mare bouch pa p sove peyi a ; retire gang sou tèt li, se sèl chemen pou Ayiti respire ankò.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar