Aprè arestasyon ansyen Senatè depatman Nip lan, Nenel Cassy nan yon otèl nan komin Petyonvil samdi 2 dawout 2025 lan, anketè DCPJ yo te akonpanye ansyen Senatè a, pou ale nan plizyè lòt espas li konn frekante. Nan youn nan espas Nenel Cassy konn frekante yo, Ki se yon otèl nan Dèlma40 B, nan otèl sila Lapolis rive dekouvri divès dokiman pami yo, plizyè kopi ak souch chèk trezò piblik ki delivre sou Kès Asistans Sosyal (CAS).
Sibvansyon, prim ak alimantasyon kat debi se sou motif sa chèk yo sou non plizyè benefisyè. Pami chèk sa yo gen 2 Ki delivre nan dat vandredi 18 jiyè 2025 lan, premye a evalye ak yon montan 7 milyon 315 000 goud epi yon lòt 3 milyon 582 750 goud.