Nan yon lèt tou louvri yo adrese ak direktè jeneral ministè anviwonman an Joseph Emmanuel Philippe, direktè depatmantal 9 depatman yo repwoche DG a ki manke respè pou moun epi ki afiche yon konpòtman endezirab e otoritè ki pa respekte etik pwofesyonèl.

Men sa Direktè depatmantal yo di DG Phillipe nan lèt yo a:

1- A plizyè repriz ou di mo deplase ki blese epi imilye direktè depatmantal Grandans lan, sa ki frajilize amonizasyon nan travay la ak diyite fonksyon moun yo okipe yo;

29 jiyè 2025, ou te refize resevwa nan biwo ou direktè depatmantal Latibonit lan, sa ki montre ou koupe tout kanal dyalòg ant direksyon santral ak sa ki dekonsantre yo;

3- Ou mennen yon kanpay denigreman bò kote estrikti REN pou diskredite plizyè nan nou (Nò, Sid ak Nip) nan krent pou moun sa yo pa ranplase ou, sa ki vyole prensip netralite ak konpetans etik;

4- Ou refize fè suivi administratif nesesè pèman lwaye direksyon depatmantal Sid. Pi grav toujou ou mande direktè CHERISIER pou li reyafekte pèsonèl li yo nan lòt antite tankou: Delegasyon, direksyon depatmantal agrikilti sa ki frajilize direksyon depatmantal anviwonman Latibonit lan.

5- Nan mwa Mas 2025, ou te tante fè valide yon dosye fiktif pou pèman sèvis entènèt soti septanm 2024 rive Mas 2025 nan direksyon depatmantal Nò, Sid ak Sidès poutan sèvis sila pat janm disponib reyèlman. Se yon tantativ koripsyon ki soulve divès kesyònman;

6- Nan mwa oktòb 2024, ou chwazi inyore volontèman enstriksyon ministè anviwònman ke oumenm ou te mande direktè depatmantal yo pou te pwopoze kad teknik pou chak direksyon pandan ou te chwazi soumèt non ti zanmi ou san konsantman direktè depatmantal yo;

7- Pandan ou te fèk rive kòm direktè jeneral, ou te solisite direktè depatmantal Latibonit ak Lwès pou te asire suivi pèman dèt yon ansanm de moun ki te travay nan pwogram « Gouvernemental
d’Urgence Multisectoriel pour l’Apaisement et la Réinsertion Sociale des Groupes
Vulnérables » pou egzèsis fiskal 2022-2023. Olye pouw te trete sitiyasyon sa an ijans e responsablite, ou te sèlman reponn pou ou di fon sila te dezafekte san pwopoze pyès lòt altènativ. Jiskaprezan dèt sila poko janm peye, sa ki se yon grav mankman enstitisyon an te pran anvè patnè li yo epi tou ki diskredite direksyon depatmantal konsène yo. Sa ki pwouve ou pa genyen pyès enterè pou yon jesyon ekitab resous pou kontinye pwogram ministeryèl yo.

Direktè yo konkli nan lèt la pou di konpòtman DG a pa bon pou progrè ministè a sa fè yo pran desizyon pou koupe tout relasyon yo ak li jiska genyen yon desizyon admistratif ki pran.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841