Nan yon lèt ouvè yo voye bay Prezidan Donald Trump ak Sekretè Deta Marco Rubio lendi 11 dawout 2025 sa a, 52 palmantè demokrat yo eksprime enkyetid yo konsènan mank transparans ki antoure negosyasyon ant Etazini ak Repiblik Demokratik Kongo (RDC) sou kontra min estratejik yo.

Palmantè sa yo deplore mank konsiltasyon ak Kongrè a nan diskisyon konsènan eksplwatasyon mineral yo nan peyi Kongo tankou kobalt, koltan, kwiv ak ityòm, resous esansyèl pou teknoloji.

Palmatè sa yo egzije pou gouvènman ameriken an garanti yon pwosesis transparan ak patisipatif, pandan y ap asire eksplwatasyon resous sa yo pa fèt kont pèp Kongolè a.

Patenarya sa a fè pati yon kontèks jeopolitik ki trè laj, piske Washington ap jwe yon wòl medyatè nan negosyasyon lapè ant Kinshasa ak Kigali. Diskisyon sa yo gen pou objektif stabilize Lès RDC, ki anba vyolans gwoup ame M23 yo Rwanda ap sipòte.

Akò estratejik k ap negosye sa yo bay konpayi ameriken yo aksè privilejye ak resous mineral Kongo yo, an echanj pou Etazini bay plis sipò sekirite nan RDC. Tou 2 peyi yo mande yon garanti solid pou anpeche patenarya sa a agrave konfli a ant RDC ak Wanda, oswa vini avèk ka koripsyon nan echanj yo.

N ap fè remake, nan yon etid apwofondi divès jounal reyalize semèn sa a, yo revele pou Etazini te rive kraze Iwochima ak Nagasaki, 2 vil Japonè nan fen 2èm gè mondyal la nan lane 1945, ameriken yo te itilize yon kantite iranyòm ki soti Kongo pou konstui bonm yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...