14 Dawout 1791, nan fon Bwa Kayiman, se pa t yon fèt egzotik, se te yon pak san ak flanm ki t ap mete chenn nan dife. Yon gwoup gason ak fanm, esklavize ak lib, te reyini pou pran desizyon ki t ap chanje figi listwa mond lan : kraze sistèm esklavajis la, libere kò yo, e fè respekte diyite yo. Seremoni Bwa Kayiman an te yon zak inik nan memwa kolektif nou, kote kouraj ak vizyon te marye pou koupe lòd enjis la, kote moun te konprann ke libète se pa yon kado, men yon dwa pou pran ak men.

Men, 234 lane apre, espri 14 Dawout la prèske vin tounen yon pèsyaj folklorik, yon poz pou foto, yon pawòl vid pou politisyen san vizyon. Olye de flanm kouraj, se lafimen rèl chire moun kap kouri kite kay yo nan Mibalè, Sodo, Pòtoprens ak tout lòt zòn, anba dominasyon lame lonbraj ki rache diyite pèp la. Lide Bwa Kayiman an te leve pou kraze chenn, men jodi a, anpil nan tèt Leta ak sektè prive ap mare chenn nouvo kalite : chenn koripsyon, chenn enpinite, chenn depandans politik ak ekonomik.

Nan epòk 1791, zansèt nou yo te reyini pou fè yon kontra sakre : mete diferans yo sou kote, mete tèt ansanm pou yon sèl objektif libète. Jodi a, lidè yo reyini pou kontra pwofitasyon, pou pataje kontra fiktif, pou negosye ak men k ap kraze pèp la. Olye nou sèvi ak memwa 14 Dawout pou fèmante konfyans nan tèt nou, nou sèvi avè l kòm dekorasyon diskou, pandan n ap fè egzèsis servitid modèn.

Seremoni Bwa Kayiman an te yon apèl pou revòlt ak endepandans reyèl. Men nan Ayiti 2025, sa ki ranplase li se yon pratik teyat politik, ak aktivite kiltirèl ki pa mare ak okenn mouvman liberasyon. Pèp la pa bezwen bal maskarad sou 14 Dawout, li bezwen aksyon ki respekte eritaj sa : mete fen nan ensekirite, retabli dwa fondamantal, kreye kondisyon pou lavi moun gen valè.

Si espri Bwa Kayiman an ta pale jodi a, li t ap mande : kote pitit mwen yo ? Kote flanm nou te limen yo ? Kote sakrifis san nou te koule a ? Petèt repons lan t ap fè l kriye, paske nou kite flanm nan tounen sann, e sann nan ap soufle nan van dekourajman ak trayi. 14 Dawout se pa pou dekore kalandriye a, se pou rekòmanse dife rezistans la.

Jean Launy Avril editoryalis-Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar