Depi plizyè dizèn lane, mond lan te toujou konte sou estimasyon gwo òganizasyon entènasyonal yo pou mezire kantite moun sou latè. Nan mwa novanm 2022, Òganizasyon Nasyonzini (ONU) te anonse avèk anpil bri ke planèt la te sot depase baryè senbolik 8 milya abitan. Men jodi a, yon kesyon ki ka fè anpil moun mal alèz leve : e si chif sa a, ki deja tèlman gwo, an reyalite te byen pi ba pase verite a ? Ipotèz sa a pa soti nan yon lide konplo, men li baze sou travay syantifik resan ki pibliye nan jounal Nature Communications, ki mete limyè sou yon gwo feblès nan metòd resansman nou yo.
Paske pandan gwo vil nan mond lan ,New York, Lagos, Mumbai, São Paulo konte moun yo pi fasil gras ak dosye administratif ak done satelit, sitiyasyon an diferan anpil nan zòn riral ak izole yo. Nan kèk rejyon nan Lafrik, Azi oswa Amerik Latin, gen bouk ki twò lwen sant administratif yo. Wout yo difisil, sèvis leta yo limite, ak resansman fèt ni raman ni ak anpil twou vid. Sa ki ka vre pou kèk ti bouk pèdi, ka vin tounen, lè ou gade echèl mondyal, milyon moun ki envizib nan estatistik ofisyèl yo.
Rechèch yo montre yon paradòks : menm si teknoloji jodi a satelit, imaj wo rezolisyon, entèlijans atifisyèl, kapab idantifye menm yon ti twa kay anba forè oswa nan dezè, reyalite imen ki dèyè imaj sa yo toujou sove anba radè ofisyèl yo. Lè yo konbine obsèvasyon espasyal ak ankèt sou teren, kèk ekspè kwè popilasyon mondyal la ka plis pase plizyè santèn milyon moun anplis de sa ONU anonse a. Sa ka fòse yo repanse plizyè dizèn lane prediksyon demografik, epi reajiste estrateji entènasyonal yo sou lasante, edikasyon ak lit kont lamizè.
Pwoblèm nan pa sèlman yon kesyon estatistik : li politik, ekonomik, epi imanitè tou. Lè yo souzèstime kantite moun sou latè, sa ka mennen nan soufinanse pwogram enpòtan, move distribisyon resous, epi kite dè milyon moun , gason, fanm, timoun ,nan lonbraj. Si nou pi plis pase sa yo kwè a, sa vle di bezwen nan dlo, manje, enèji, ak enfrastrikti pi prese pase jan yo te panse. Diferans sa a ka lakoz plis tansyon nan zòn ki deja frajil akoz chanjman klimatik ak kriz sosyal.
Dèyè kesyon sou chif ofisyèl yo, gen yon lòt refleksyon k ap monte : èske nou pare pou nou rekonèt ke nou pa menm konnen byen espès pa nou an ? Konte moun se pa sèlman yon egzèsis matematik : se yon glas sou priyorite nou yo. Si tèlman anpil lavi chape anba estatistik yo, petèt se paske yo chape anba je nou tou. Rekonèt egzistans yo, se deja fè yon premye pa pou nou bati yon mond kote pèsonn pa bliye, menm nan bout yon chemen tè ki pa sou okenn kat.
Jean Launy AVRIL, Centre à la Une