Anbasad Etazini ann Ayiti anonse nan dat 14 Dawout 2025 la, otorite ameriken yo pran mezi kont yon sitwayen ameriken, Bazille Richardson, alyas Fredo, akize pou wòl li nan finansman gang teworis nan peyi Ayiti.

Daprè deklarasyon ofisyèl la, Richardson, ki abite nan Texas, ta voye fon bay chèf gang ayisyen an Jimmy Cherizier ke tout moun konnen sou non Babekiyou, sa ki konsidere tankou yon vyolasyon parapò ak sanksyon amerikèn yo ki deja anvigè sou chef teworis la.

Paralèlman otorite yo fè konnen Richardson ak Cherizier te lanse apèl nan direksyon dyaspora ayisyen an Ozetazini pou rasanble lajan pou aktivite gang yo. Lajan sila yo te pase atravè plizyè entèmedyè pou ateri an Ayiti. Daprè akizasyon yo, lajan sa te sèvi pou peye salè manm gang yo ak achte zam ak lòt zafè ilegal. Yon lòt kote anbasad la note Imaj resi transfè yo ta menm te voye dirèkteman bay Cherizier.

Etazini raple ke aksyon konsa konsidere kòm yon sipò dirèk pou aktivite teworis, e li antre nan kad lwa federal sou sanksyon entènasyonal yo. “Epòk enpinite an ann Ayiti fini”, dekalre Anbasad Etazini sou kont X li, sa ki ta souliye ak souzantann detèminasyon yo pou pouswiv moun k ap sipòte finansyèman gang vyolan yo.

Sepandan daprè ekspè nan sekirite, mezi sa yo fè pati yon estrateji pi laj pou izole finansman rezo kriminèl yo ann Ayiti, ki depi plizyè ane ap destabilize kapital la ak plizyè lòt rejyon nan peyi a.
Jefferson Bonissant Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841