Viktim ak egzile entèn akoz sitiyasyon peyi a ki nan yon eta kritik, lwen kay mwen, nan kòlè ak solitid k ap wonje m, anpil kesyon ap boulvèse lespri m, petèt se nan sousi pou m ka konprann rezon ki fè peyi Ayiti ap travèse tout peripesi sa yo, epi rive jwenn yon eksplikasyon lojik ak rasyonèl kap pèmèt mwen apreyande kriz ak enstabilite kwonik kap brase bil sosyete nou an.
Enstabilite kwonik ki ap devore Ayiti depi plizyè deseni pa yon senp aksidan. Li pa sèlman rezilta katastwòf natirèl, kriz politik ki repete oswa lamizè ki fin n rasinen. Li se, nan yon gwo mezi, pwodwi de yon konstriksyon byen kalkile : yon pwojè ki panse, prepare epi soutni pa sa nou ka rele kaskitokrat yo, sa ki vle di elit politik ak ekonomik ki kache dèyè feblès vizib Leta a, epi kap tire pwofi nan dezòd la. Notebyen nan kontèks sa a, mo “dezòd” la pa vle di sèlman mank lòd, men pito yon òganizasyon metikilèz nan yon sitiyasyon ki karakterize yon dezòd ki planifye ak kontwole.
Nan sistèm sa a, ensekirite a pa yon aksidan : se yon zouti. Ki pèmèt yo tabli epi kenbe yon ensekirite sou plizyè dimansyon — fizik, ekonomik, enstitisyonèl oswa alimantè — Lè sa aktè yo asire yo, yo kenbe Leta anba pye yo. Sa ki pèmèt yo genyen ak konsève atravè yon rezo, monopòl vyolans, konsidere tankou vyolans “legitim”. Yon konsèp sosyològ Max Weber te prezante, men yo kontounen l nan yon sans pejoratif isit la, kote yo konfonn otorite piblik ak konpòtman abitrè ki baze sou laperèz.
Pou kaskitokrat sa yo, kawo pa yon echèk : se yon biznis ki pote pwofi. Enstabilite pèmèt yo evite règleman, bay kontra Leta san konpetisyon, kontwole wout, pò, enpòtasyon epi manipile laperèz pou fèmen bouch nenpòt opozisyon. Nan kontèks sa a, chak kriz tounen yon opòtinite :
• Opòtinite pou fè gwo lajan rapid nan mache ijans yo.
• Opòtinite pou ranfòse pouvwa politik yo lè yo fè kont-pouvwa febli.
• Opòtinite pou achte lwayote ak silans atravè distribisyon resous nan fason patizan.
Modèl sa a pa sèlman egziste nan peyi Ayiti, men isit la li rive nan yon nivo ekstrèm. Ensekirite tounen yon resous politik, epi feblès Leta a vin tounen yon zouti pou gouvène. Gwoup ame yo pa sèlman tolere : pafwa yo entegre nan estrikti pouvwa a, yo sèvi pou pwoteje divès enterè pandan yo simaye laterè sou moun ki ta ka leve kont yo.
Pou kase sik sa a, se pa selman eleksyon, referandòm oswa refòm enstitisyonèl sou sifas ki pral fè li. Fòk yo koupe lyen ki mare pouvwa ak dezòd, retabli yon veritab monopòl sekirite piblik epi rebati enstitisyon ki ka reziste ak atak aktè pwisan ki gen enterè nan dezòd la. Sa ap mande kouraj politik, ak yon gwo sipò popilè epi presyon entènasyonal ki pa p mache sou ajanda kache, men sou enterè reyèl pèp ayisyen.
PS : Tout otan dezòd ap pote pwofi pou kèk moun, li ap koute chè pou anpil lòt moun.
Jefferson Bonissant