Malgre kontra a sekrè, yon sous nan gouvènman Ayisyen an rapòte jounal Ameriken Miami Herald kontra konpayi mèsenè Erik Prince siyen ak Leta Ayisyen an ta nan 50 milyon dola pa ane. Konpayi Vectus Global deja genyen anviwon 8 mwa depi l ap opere Ayiti ak dwo-n jiskaprezan gang yo kontinye ap feraye.

Toujou selon atik sila Miami Herald pibliye vandredi 15 Out 2025 lan, fè konnen se Reuven Bigio, PDG GB Group ki entwodwi responsab konpayi Sekirite Vectus Global Eric Prince lan ann Ayiti selon sa Miami Herald rapòte. Gwoup Bigio se konglomera ki posede Aciéries d’Haïti ak Port Lafito.

Nan yon entèvyou li akòde ak Reuters jedi 14 dawout 2025 la, Erik Prince, yon alye prezidan ameriken Donald Trump e direktè Vectus Global, anonse konklizyon yon akò 10 lane ak gouvènman Ayisyen an pou konbat gang ame yo.

Pilwen Nan kontra 10 lane Leta Ayisyen siyen ak Erick Prince pou konpayi li a goumen kont gang yo, gen yon lòt kote nan menm kontra sa ki angaje konpayi a pou mete sou pye yon sistèm kolèk enpo sitou machandiz ki soti Repiblik dominikèn yo. N ap note montan lajan KPT a siyen kontra ak konpayi sekirite etranje sa’a rete sekrè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841