Sèlman kèk semèn aprè enstalasyon nouvo Direktè Jeneral Polis Nasyonal la, M. Jonas Vladimir Paraison, sendika SPNH_17 denonse plizyè nominasyon kontwovèse nan tèt inite estratejik yo. Selon yo menm gen dirijan ki, swa, te kite peyi a pou al viv aletranje pandan lontan, oswa ansyen polisye ki te revoke nan tan pase pou koripsyon, ki retounen ap pran plas enpòtan nan direksyon yo.

Sendika polis la tabli kòm egzanp, retou CD Pedro Mars, yon ansyen responsab Gad Kot ki, daprè yo, te kite dèyè li yon bilan “katastwofik nan sa ki gen pou wè ak zak tankou ; 1) Koripsyon nan jesyon resous ak lojistik, PNH. 2) Konivans ak rezo kriminèl. 3) Disparisyon polisye ak plizyè zam sèvis.
4) Absans prèske total Gad Kot sou lanmè a pandan plizyè ane.

Paralèlman, Sendika Lapolis la atire atansyon sou tretman yo konsidere kòm enjis kont ID Jeanty Duroil, yon espesyalis sekirite maritim ki gen gwo rekonesans nan mitan kòlèg li yo. Daprè yo, olye yo mete konpetans pwofesyonèl sa yo an valè, Wo kòmandman an ap maltrete yo. Yon sitiyasyon ki ka gen pou konsekans demoralize plizyè polisye onèt ki toujou rete fidèl ak misyon sèvis piblik la.

Yon lòt kote Sendika a mande dirèkteman DG Paraison pou l pran responsabilite l, mete lòd nan chwa pèsonèl yo, epi evite pou lapolis la pa vin pi fèb pase jan li ye deja.

Toujou selon SPNH_17, plizyè desizyon administrasyon an soulve gwo kè sote lakay anpil polisye, sa ki pa bon pou enstitisyon an ak avni fòs lòd yo, nan yon kontèks kote peyi a deja ap fè fas ak ensekirite san parèy.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841