Sou pasivite ak nan endiferans otorite yo, Mibalè ak Sodo livre ak gang ame depi 31 mas 2025. 25 dawout ki se fèt vil Mibalè kote yo selebre sen patwon li Sen-Lwi Wa Frans, anviwon senk (5) mwa popilasyon Mibalè ak Sodo yo nan lari, Leta pa adopte okenn mezi konkrè ak serye pou pèmèt a plizyè milye deplase pou kapab retounen lakay yo.

Nan tan nòmal, vil Mibalè ta pral fete Sen-Lwi 25 dawout sa. Yon tradisyon ki t ap pèpètye. Chak 25 dawout, plizyè rejyon nan peyi a ap fete Sen-Lwi Wa Frans. Yon fèt patwonal ki repann atravè peyi a epi ki atire anpil vizitè. Men, pou lane sa, nan okazyon fèt patwonal Sen-Lwi, site Benoît Batraville la pa nan fèt !

Mibalè ak Sodo se 2 komin ki tonbe anba men gang depi atak 31 mas pase a. Popilasyon deplase komin sa yo ap konnen tout move sitiyasyon. Malgre pledwaye ki fèt pou yon retou popilasyon 2 komin yo lakay yo, anyen pa ankò janm fèt !

Si se p at prezans gang ame ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm k ap taye banda nan komin nan, vil Mibalè t ap fete sen patwon li an penpan lane sa. Yon ansanm aktivite toujou orandevou pou okazyon an : festival, bal, fwa, chanpyona foutbòl, elt. . Depi kòmansman mwa dawout jeneralman fèt la fè santi li, semèn oubyen wikenn anvan fèt la aktivite yo entansifye epi yo vini plis atraktif ak pasyonan.

Popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo nan yon sitiyasyon difisil ak konplike yo pa konnen ki sen pou yo rele. Gouvènman an atravè Fon asistans ekonomik e sosyal (FAES) pito distribye 10.000 kit alimantè ak 1.500 kit sanitè nan yon trantèn sit ki repati nan komin Ench, Beladè, Tomond ak Boukan, sòti 15 pou rive 19 jiyè 2025, ak kreye sis (6) restoran kominotè ki destine pou vini an èd avèk anpil fanmi deplase ki orijinè sitou Mibalè ak Sodo, olye yo pèmèt abitan 2 komin yo retounen lakay yo.

Mibalè akeyi chak lane, nan okazyon fèt Sen-Lwi Wa Frans 25 dawout, plizyè milye pèleren ak touris Ayiti ak etranje ki sòti toupatou. Site Benoît Batraville la repite pou yon vil ospitalye. Fèt patwonal awondisman Mibalè se yon eritaj ki genyen yon gran richès. Se yon moman ekstrawòdinè kote popilasyon an pi aktif. Aktivite patwonal yo se yon reyèl anrichisman ki genyen plizyè karaktè diferan : touristik, rekreyatif, atistik, ekonomik, rityèl, relijye.

31 mas 2025-31 dawout 2025 : kilè Leta ayisyen ap voye je gade popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo pou pèmèt yo retounen lakay yo ?

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Jacky Médé FONTAINE

Mwen se Jacky Médé FONTAINE, m se Jounalis, Kwonikè espòtif, Etidyan nan Dwa.