Eske se te vizyon sa yo te pwomèt peyi sa, lè yo te leve vwa yo ak gwo deklarasyon “barikad se avni jenès la” ? Eske se te avni sa yo te prepare pou Ayiti, lè yo te pran plezi bloke tout lavi sosyal ak ekonomik la anba pretèks batay pou yon pi bon demen ? Sa nou ap viv jodi a se frè ak sanksyon estrateji destriksyon yo. Yon jenerasyon te fòse grandi nan lafimen kawotchou, nan blokis, nan peyi lòk, pandan yo te prezante dezòd kòm yon zouti liberasyon.

Nou sonje, biwo palman boule, enstitisyon repiblik kraze anba men moun ki te sipoze defann demokrasi. Nou sonje manifestasyon san fen, kote ti boutik, ti biznis klas mwayèn yo te tounen sann anba dife. Nou sonje tout kanpay konteste, tout refi fè eleksyon, tout mouvman pou kraze Konsèy Elektoral Pwovizwa yo, tout diskou ki te anpeche yon referandòm oswa yon nouvo konstitisyon. Chak fwa, se te ak pawòl “pèp la pap jwe” yo te jistifye dezòd la. Men jodiya, kiyès k ap jwe ak pèp la ?

Se pa yon sekrè : tout sa ki te anpeche avni an louvri se menm bagay ki bloke prezan an. Olye avni, yo te bati yon miray fèmen kote pèp la vin tounen prizonye pwòp kraze-brize li. Demokrasi yo te denonse a toujou rete yon sen nan bouch yo, pandan an reyalite, sa yo te enstale se yon rèy vakyòm, kote enstitisyon yo dechèpiye, pouvwa pèp la disoud, ak sosyete a lage nan men vyolans.

Kisa nou ranmase apre tout dife, tout barikad, tout peyi lòk sa yo ? Yon peyi pi frajil pase anvan, yon Leta ki vin pi bouke, yon pèp ki pèdi tout espwa. Sa yo te rele “batay” la se te yon jwèt pouvwa pou kèk moun monte sou do nasyon an. Rezilta ? Ayiti kouche jodi a anba makiyaj pwomès ki pa janm te genyen okenn vizyon.

Kesyon nou dwe poze ak fòs se : èske se sa yo te pwomèt pèp ayisyen an ? Èske revolisyon barikad yo se avni jenès la, oubyen se te yon tranzaksyon ki vann jenès la pou satisfaksyon kèk politisyen, kèk gwoup ak kèk enterè etranje ? Paske istwa ap jije, epi verite a ap sonnen pi fò pase tout slogan: peyi sa pa janm bezwen plis dife, men plis limyè.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar