Direktè Jeneral OAVCT a, Pierre Jean Raymond André, reponn sou divès akizasyon koripsyon Dr. Rod Joseph pote kont li nan yon entèvyou li bay Gazette Haïti jedi 21 dawout 2025 la. Direktè a fè konnen li pral depoze yon plent kont veteran lame amerikèn nan Ozetazini ki se yon peyi ki respekte lalwa. Li fè konnen avoka li yo ap travay sou ka a.
Nan yon emisyon an dirèk sou Facebook, Dr. Rod Joseph te deklare « chak vandredi nan yon semèn, direktè OAVCT a vèse bay mèt André Michel anviwon 4 milyon goud. »
Toujou daprè jounal la, Rod Joseph pral fè fas ak yon gwo penalite si li pa ka bay prèv nesesè sou divès akizasyon li pote kont direktè a.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE