Nan politik sante MSPP ap egzekite pou ane a yo gentan fasilite plizyè depatman ak plizyè materyèl medikal, ayè vandredi 22 out 2025 la Direksyon Sanitè Sant lan resevwa kaban, chèz woulant, seròm epi konprime poun site sa sèlman.

Direktè a kise Wolve Irvens CHARLES te manifeste kontman li epi remèsye responsab ministè yo ki pa sispan fè jefo pou pote amelyorasyon nan domèn lasante.

Yon lòtbò direktè a pwomèt yon distribisyon ekitab ak transparans nan tout sant sante nan Depatman an

Akòz pwoblèm gang ame ki anyi awondisman Mibalè a lopital yo nan depatman ap konfronte gwo defi pou founi yon sèvis de kalite doktè Édgard TOUSSAINT kise reponsab medikal nan lopital sent terèz di e n ap site,  » n ap kontinye fè bonjan sakrifis malgre sitiyasyon yo trè konplike pou nou men nou ka kontinye sèvi popilayon palto santral la.

Direktè egzekitif lopital sent Terèz la doktè Dénold MILCOIT, fè konnen materyèl sa yo vini nan yon bon moman kote 1 oktòb k ap rive la ap fè lopital sent terèz 100 lane depi y ap bay sèvis nan depatman sant, li pwofite remèsye tou gouvènman ak MSPP ki pa neglije voye je sou depatman

Nan pwen lavi san lasante, responsab medikal yo di yo konsyan sou defi ak anje ki plane sou depatman men yo p ap sispan travay pou pote amelyorasyon

Joseph Samuel GUILLAUME.