Depi kèk tan, non Boulos ap kouri nan bouch tout moun. Men, èske se Boulos ki pwoblèm lan, oswa se sistèm nan ki pèmèt egzistans plizyè “Boulos” toujou ap koupe rache, toujou ap grandi, pandan leta rete san dan, enpotan, pa gen kapasite pou reponn? Kesyon an pi fon pase yon non oubyen yon moun. Li se kesyon yon sistèm, yon modèl devlopman ki pa janm egziste pou Ayiti, paske sektè prive a pa sèlman jwe wòl patnè ekonomik, men li vin jwe wòl leta, li vin kontwole tout estrikti pouvwa a. Olye leta gide, se sektè prive a ki trase wout, epi tout lòt bagay swiv.
Pratik sa a pa nouvo. Li soti depi nan pi ba nivo administrasyon piblik la: kasèk, majistra, depite, senatè, tout plwaye nan pòch moun ki gen mwayen yo. Lè ou kontwole lajan an, ou achte konsyans ak konpòtman. Konsa, depi nan palman rive nan Palè Nasyonal, tout moun vin travay pou “mèt kay” ki gen baryè a, olye yo travay pou pèp la. Lè baryè a louvri, kabrit rantre, fè dega, epi lè domaj la fèt, se lè sa tout moun leve vwa yo pou di: “fèmen baryè.” Men, se twò ta. Nou wè sa ak Laurent Lamothe, ak Joseph Martelly, ak anpil lòt. Sistèm nan tèlman fèb, li pa gen kapasite mete limit sou zak malonèt yo.
Vrè pwoblèm Ayiti a se pa milat kont nwa, jan anpil moun konn prezante l pou fè l vin yon kesyon rasyal. Vrè maladi a se yon sistèm kote nou menm majorite a, nou vann tèt nou. Sektè prive a pa t fòse nou, se nou menm ki fè twou pou rantre, paske yo achte nou nan palman, nan lajistis, nan tout enstitisyon leta. Konsa, lalwa ki ekri sou papye pa janm jwenn aplikasyon. Pandan nap denonse, se menm sistèm nan nap alimante.
Boulos pa plis pase yon senbòl nan yon sistèm ki pouri. Si pa gen yon mekanis pou rebalanse relasyon ant sektè prive a ak leta, si leta pa reprann dwa li pou l se sèl aktè ki jere enterè piblik, si koripsyon, achte figi, ak pote vin-an pa fini, Ayiti ap kontinye tonbe nan menm pyèj la. Pwoblèm nan se pa yon moun, se yon sistèm ki kite moun vin pi fò pase enstitisyon. Kesyon an rete ouvè : èske n ap kontinye kite baryè a louvri pou kabrit pase, oubyen èske n ap pran responsabilite pou fèmen l avan twò ta.
Jean Launy AVRIL editoryalis -Centre à la Une