Nan yon piblikasyon « Misyon Etazini nan Nasyonzini » fè jedi 28 dawout 2025 la, Etazini anonse yo re-angaje yo bò kote pèp Ayisyen an, epi yo pral travay ak kominote entènasyonal la pou reyalize pwogrè ann Ayiti.
Responsab yo fè konnen Etazini kanpe bò kote pèp Ayisyen an nan demand yo pou yon avni ki chaje ak sekirite, epi ki estab pou peyi a. Pi lwen, yo di jounen jedi 28 dawout la Etazini ak Panama pataje ak Konsèy Sekirite Nasyonzini an yon pwojè rezolisyon ki vize konbat vyolans k ap ogmante ann Ayiti.
Yo fè konnen pwojè rezolisyon sa a vize « etablisman yon gwo fòs pou siprime gang yo, ak yon biwo sipò Nasyonzini pou bay sipò lojistik pou efò ki fèt sou teren an. »
Finalman, Etazini fè konnen li rete angaje pou li travay avèk kominote entènasyonal la pou yo reyalize pwogrè ann Ayiti, epi pou yo mande manm Konsèy yo pou yo pran mezi konkrè pou sipòte efò sa a.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE