Divès òganizasyon nan komin Tomond ekri yon lèt tou louvri mèkredi 27 Out 2025 lan ak enjenyè agwonòm Rony NAVARD ki se Direktè Depatmantal Agrikilti Sant, pou mande li esplikasyon sou nouvo direktè BAK Tomond lan.

Òganizasyon an di yo soumèt direktè a lèt sa a pou atire atansyon li sou sitiyasyon ki genyen nan Biwo Agrikòl Kominal (BAK) Tomond lan.

Òganizasyon an fè konnen daprè enfòmasyon ki rive jwenn li atravè yon piblikasyon ki fèt sou kont facebook Direksyon depatmantal Agrikilti Sant lan, yo remake aprè plizyè ane BAK Tomond lan ap mache sou beki, ta sanble gen yon nouvo moun ki pran tèt BAK la. Responsab nan òganizasyon an di yo ta byen renmen konnen ki mekanis, kilè, ki kote pwosesis seleksyon ak enstalasyon responsab BAK sila fèt. Yo kontinye pou di pa gen ankenn moun nan kominote a, aktè ak otorite ki konsène ki ta resevwa ankenn enfòmasyon sou seleksyon sa a. Sa lakoz anpil enkyetid ak mete anpil dout sou lavni sektè agrikol la nan komin Tomond.

Yo raple prezans kad ki konpetan nan BAK la sa ap pemèt: plantè ak pwodiktè yo ap jwenn pi bon ankadreman teknik,
Remanbre filyè agrikol zon nan. Batay kont chanjman klimatik atravè inisyativ lokal,
Konbat grangou ak ranfòse ekonomi lokal la.
Swiv evolisyon pri, mache ak pwodiksyon agrikol la
Oganize bon jan sesyon fòmasyon ak vilgarizasyon agrikòl, devlope bon jan relasyon ak MARNDR, MERI, KASEK, ASEK, Oganizasyon peyizan ak pwodiktè yo. Yo fè konnen pou sa, yo bezwen yon kad ki kalifye, konpetan, men tou fòk li konn reyalite komin nan trè byen. Se poutèt sa, yo mande prese prese pou Direksyon Depatmantal Agrikilti Sant lan fè limyè sou pwosesis sa, pou garanti respè, prensip, lejitimite ak transparans nan BAK Tomond lan.

Responsab yo fini pou di yo konte sou kolaborasyon direktè a ak sajès li pou pote yon solisyon byen rapid ak apwopriye nan dosye a

men lis òganizasyon ki siyen yo:

Association des Professionnels Agricoles de Thomonde (APATH), 3378-1227
Association pour le Developpement Agricole et la Protection de l’Environnement (ADAPE), 3315-8114
Agr_Equilibre Group, 4949-5657

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841