Nan yon nòt ki parèt sou sit entènèt ofisyèl li, seksyon vwayaj Depatman Deta Ameriken an fè konnen, depi 28 dawout 2025, gen nouvo dispozisyon pou moun k ap chèche viza imigran, kote apati 1 novanm 2025 se nan Nassau peyi Bahamas Ayisyen pral pran randevou epi benefisye viza rezidans yo.

Daprè desizyon sa a, tout aplikan yo oblije fè demann yo nan sèvis konsilè ke Depatman Deta chwazi ak deziye. Pou moun ki nan peyi kote operasyon konsilè yo sispann oubyen deranje, yo dwe deplase nan lòt pòs konsilè pou kontinye pwosesis la.

Nan lis 16 peyi ki konsène yo, Ayiti antre ladan l. Otorite ameriken yo fè konnen, pou sitwayen ayisyen ki ap mande rezidans, yo oblije prezante nan Anbasad Ameriken nan Nassau, peyi Bahamas.

Sepandan, Depatman Deta mete aksan sou kèk eksepsyon. Moun ki gen dosye ki konsène ijans imanitè, medikal, oswa rezon politik etranjè, ka jwenn tretman espesyal.

A presize pou moun ki te deja gen randevou yo pran, Depatman Deta fè konnen yo pa anile ni ranvwaye dat yo, an prensip, sof si gen chanjman espesifik.

Paralèlman divès temwayaj tabli ke desizyon ak chanjman sila ap gen gwo enpak kòm konsekans sou sitwayen Ayisyen yo ki deja ap lite nan mitan kriz sekirite ak enstabilite politik. Anplis difikilte vwayaj, chaj finansye a ap ogmante pou fanmi ki oblije deplase Bahamas pou kontinye pwosesis yo.

Jefferson Bonissant Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841