Direktè Jeneral polis Ayiti a, André Jonas Vladimir Paraison sòti premye nòt sèvis li depi asansyon l nan tèt enstitisyon polisyè a.
Atravè nòt sa li kreye yon komisyon pou gade diferant iregilarite yo konstate nan fason yo bay dènyè grad yo sòti 1 Jen 2024 rive 27 dawout 2025.
Yon komisyon kontwòl entèn ak analiz jesyon moun ki gen polisye ak pèsonèl administratif ladan l pral gen pou evalye ak analize pwomosyon yo parapò ak nòm nan Lapolis la, ak administrasyon santral Leta, pwopoze rekòmandasyon ak estrateji ki vize regilarize piramid grad yo nan Lapolis la.
Komisyon sa gen ladanl Enspektris jeneral, Marie Elva Sinora NASSAR PIERRE, IG Jackson HILAIRE, komisè divizyonè John Games OLIVIER, CD Jacques Pierre, CP Rolind JEAN LOUIS, CM Bichara FAUSTIN epi sitwayen Bodlair LOUISNÉ.
SPNH_17, yon Sendika lapolis la ekri yon nòt 4 septanm 2025 lan pou egzòte nouvo DGPNH la ,Mr Andre Jonas Vladimir Paraison pou l kontinye regilarize grad tout polisye yo selon lwa ak dekrè ki egziste, espesyalman lwa 29 novanm 1994 la ak dekrè 20 out 2013 la. Selon sa sendika a rapòte nan atik 59 dekrè sa a, li klè ke avansman yo dwe fèt sou baz ansyènte, diplòm, nòt, rekonpans (dekorasyon, lèt felisitasyon, temwayaj), estaj, fonksyon yo okipe ak sanksyon yo.
Sendika polis la nan nòt yo pwofite poze ansanm kesyon sa yo:
1▪︎Poukisa gen polisye ki gen plis pase 20 lane ak diplòm ak onè ki pa janm ka rive nan kad siperyè yo ?
2•Poukisa plizyè dizèn polisye pwomosyon 95 ak 96 oblije kite enstitisyon an, bloke nan grad enspektè divizyonè ?
3•Poukisa polisye ki gen 10, 15 lane de sèvis, anpil ladan yo ak diplòm, ki toujou bloke nan nivo ajan ?
SPNH_17 egzije refòm serye pou se moun ki pi konpetan, efikas ak onèt yo ki mennen desten enstitisyon an. Yo rapousib pou di PNH la dwe sispann tounen yon machin ki la pou kraze jèn gason ak jèn fanm konpetan, pandan se enkonpetan k ap pran tout plas yo depi plis pase yon dizèn lane.
“Se pa enkonpetan ki dwe gen grad pou ap chanje pòs chak jou. Se jèn gason ak fanm konpetan, ki gen konesans ak kredibilite, ki dwe jwenn grad pou sove polis la.
Sendi ka fini nòt la pou di: « aba enkonpetan ki souvan échwe men ki toujou jwenn pòs ak grad ki akapare pòs responsablite yo!!!