Nan yon videyo viral sou entènèt la chèf gwoup gang 400 marozo a, Wilson Joseph alyas lanmò sanjou menase pou l mete dife nan batiman lopital inivèsite Mibalè an si toutfwa Leta ta itilize Dwòn kamikaz kont yo nan kominn Mibalè.
Nan dat 31 mas 2025, gwoup gang Viv Ansanm lanse yon gwo atak sou vil Mibalè ak Sodo, sa ki lakoz plizyè viktim, pèt materyèl enpòtan, epi kite yon klima ensekirite k ap ravaje popilasyon an. 5 mwa aprè, sitiyasyon an toujou pa kalme: afwontman ant gang ame yo ak fòs lòd yo kontinye, pandan popilasyon an ap viv ak laperèz. Gwoup teyoris yo toujou ap tayé banda, fè lapli ak bon tan nan Mibalè ak sodo.
Pou montre pisans ak kapasite gang yo genyen pou fè dega jan yo vle,lè yo vle ak kote yo vle, nan yon videyo ki ap sikile sou twal la, lidè gang 400 Mawozo bay plis kè sote toujou pandan li lanse menas ouvè kont otorite yo, li di si yo gen malè itilize dwòn kamikaz nan batay kont yo nan Mibalè, yo pral boule Lopital Inivèsite Mibalè (HUM).
HUM, ki louvri an 2013 gras ak patenarya Partners In Health (Zanmi Lasante) ak Ministè Sante Piblik, se yon bijou enfrastrikti medikal nan peyi a. Avèk yon kapasite anviwon 300 kabann, lopital la sèvi kòm yon sant referans nasyonal kote pasyan jwenn swen ijans, operasyon chirijikal modèn, swen entansif, matènite, onkoloji, nefroloji ak menm swen nan domèn sante mantal. Li se youn nan kèk sant nan peyi a ki fòme nouvo jenerasyon doktè ak enfimyè atravè pwogram rezidansyèl yo, sa ki fè li yon poto mitan nan devlopman sistèm sante Ayiti.
Anplis kapasite medikal li, HUM se yon modèl inovasyon enèji. Sistèm enèji vèt (pano solè) li a pèmèt lopital la fonksyone ak yon nivo endepandans enèjetik ki ra nan peyi a. Sa pa sèlman garanti kontinite swen yo, men li fè lopital la vin youn nan pi gwo enstalasyon lopital ki mache ak solè nan tout rejyon Karayib la. Donk, HUM se yon patrimwàn nasyonal ki gen repitasyon entènasyonal .
Nan mwa aril pase a responsab yo nan lopital HUM te anonse yo fèmen pòt yo akoz bandi viv ansanm yo ki te pran kontwòl total vil la ap simen latwoublay. Yon desizyon ki lage plizyè anplwaye nan enstisyon an nan chomaj.
Kidonk, nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak kriz sekirite ak sanitè, enpòtans HUM depase limit Mibalè. Li se yon resous nasyonal, yon espas pou sove lavi, ki bay fòmasyon, epi ki reprezante espwa pou yon sistèm sante ki kapab kanpe sou pye.
Menas ki peze sou lopital sa a pa ka konsidere kòm yon dosye senp , se pa yon dosye lejè ,li depase kad lokal. Se yon zafè Leta dwe pran an chaj avèk tout gravite posib. Pèdi yon enfrastrikti konsa, pa sèlman retire espwa pou aksè swen pou plizyè santèn milye moun, men se kraze yon nan pi gwo envestisman sante ki fèt nan peyi a nan dènye deseni yo.
Kidonk eske Leta Ayisyen ap kontinye neglije danje sa yo, oswa eske l ap pran mezi serye pou pwoteje batiman yon enstitisyon ki reprezante lavi ak avni nasyonal la nan zafè sante, Pwoteksyon Lopital Inivèsite Mibalè a dwe vin yon priyorite ijans, paske Ayiti pa ka pèmèt tèt li pèdi yon enfrastrikti sante modèn konsa. Lopital inivèsitè Mibalè a pa dwe pase anba flanm dife zèfèyis.
Jefferson Bonissant , Centre à la UNE!