31 dawout 2025 fè egzateman senk (5) mwa depi bandi ki nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm fòse popilasyon Mibalè ak Sodo kite lakay yo. Poutan, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse ouvèti ofisyèl lekòl la pou ane akademik 2025-2026 la pou 1e oktòb.

Daprè kalandriye eskolè Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye, ouvèti lekòl la pou ane akademik 2025-2026 la fikse pou mèkredi 1e oktòb 2025.

Nan kalandriye sa a, nou kapab note kèk lòt dat enpòtan tankou egzamen ofisyèl yo k ap demare ak Egzamen 9èm Ane Fondamental nan dat 6 pou bout 9 jiyè 2026, Egzamen Fen Etid Segondè nan dat 13 pou bout 17 jiyè 2026. Epi de sesyon bakaloreya pèmanan : 1e sesyon nan dat 15 pou bout 18 desanm 2025 ak dezyèm sesyon nan dat 13 pou bout 17 jiyè 2026.

Kilè Leta ayisyen ap pèmèt popilasyon deplase Mibalè ak Sodo yo retounen lakay yo ?

Yon kesyon jiskaprezan ki rete san repons. Abitan Mibalè ak Sodo nan lari depi 31 mas 2025, jou atak gang ame Viv Ansanm te fè sou 2 komin sa yo. Moun yo fè konnen y ap viv mal ak nan eta ki pa fèt pou moun viv, sa sèlman y ap mande ak yo bezwen se pou Leta ayisyen pèmèt yo retounen lakay yo. Sepandan, Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl raple popilasyon an an jeneral ak responsab lekòl yo an patikilye, dat ofisyèl pou re-ouvèti klas yo pou ane akademik 2025-2026 la se pou 1e oktòb. Lekòl piblik yo dwe respekte desizyon sa pou yo pa tonbe anba sanksyon ki prevwa nan dekrè 11 septanm 1974 la.

DDE-C mande pou lise ak lekòl piblik yo favorize enskripsyon elèv ki sòti Mibalè ak Sodo yo

Direksyon Depatmantal Edikasyon Sant mande direktè/direktris lise ak lekòl piblik yo nan depatman Sant pou pran an konsiderasyon ka elèv deplase ki sòti Mibalè ak Sodo yo ak lòt zòn pandan y ap favorize yo enskri menm si yo pa genyen pyès pou jistifikasyon, nan kad enskripsyon pou ane akademik 2025-2026 la. Nan yon nòt li mete deyò lendi 1 septanm pase a, DDE-C enfòme direktè ak direktris lise ak lekòl piblik yo pou rejwenn biwo planifikasyon Direksyon Depatmantal Edikasyon Sant lan pou tout enfòmasyon yo genyen bezwen.

Yon lòt kote, nan yon nòt Direksyon Lise Sodo a sòti 18 dawout 2025 la, li fè konnen tout elèv NS1, NS2 ak NS3 yo, dènye egzamen pou klotire ane akademik 2024-2025 la ap kòmanse 8 septanm 2025. N ap souliye, nan kominike sa yo pa mansyone ni presize nan ki zòn ak nan ki espas dewoulman egzamen yo ap fèt.

Nan yon kontèks sosyo-ekonomik ki difisil anpil nan peyi a, melanje ak vyolans gang ame yo ki pa vle bay lekòl la chans pou li fonksyone nòmalman, nouvo kalandriye a vin repouse dat ouvèti lekòl la ki te abitye fèt an septanm, pou pèmèt Leta ak tout ajan edikatif yo, paran yo, gentan fè kèk preparasyon pou yon rantre lekòl ki pi byen reyisi. Èske lekòl la fini an Ayiti tout bon vre ? Pou repete Minis Edikasyon an, Augustin Antoine [… »lekòl la fini »… ] !

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841