Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) fè yon toune evalyasyon nan rejyon Gran Sid la, pandan l vizite plis pase yon dizèn estrikti sanitè pou rekeyi enfòmasyon sou bezwen ki pi presan yo.
Misyon sipèvizyon sa ki te kòmanse nan dawout dènye fini semèn sa, daprè MSPP. Ototal, 14 estrikti sanitè nan depatman Sid, Sidès, Nip, Grandans ak Lwès te resevwa vizit. Objektif la te pou kolekte done esansyèl, sansibilize pwofesyonèl sante yo ak fòmile rekòmandasyon konkrè pou ranfòse kapasite sant sa yo k ap desèvi dè milye moun, souvan ki nan kondisyon trè difisil.
Alafen toune a, MSPP re-afime detèminasyon l pou amelyore kalite ak disponiblite sèvis sante nan zòn ki konsène yo epi pran angajman pou ranfòse jesyon antran medikal ak amelyore prizanchaj pasyan yo, nan benefis responsab lokal yo tankou popilasyon an.
Inisyativ sa vini nan yon kontèks ki make pa disfonksyònman pasyèl oubyen total anpil sant sante sitou nan Lwès, Sant ak Latibonit, sa ki agrave tou difikilte aksè pou bay swen an Ayiti.
Depi antre an fonksyon li, minis Sante a Doktè Signal Bertrand lanse plizyè aksyon nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan tankou nan sèten zòn rekile, nan objektif pou fasilite aksè swen sante kalite. Èske diferan demach sa yo temwaye volonte minis la pou pote yon soutyen konkrè a yon popilasyon k ap fè fas a mank mwayen sanitè grav ?
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE