Lè yon chèf gang gen pouvwa leve mikwo, lanse menas piblik, e menm nonmen dat ak plan pou detwi yon enstitisyon piblik, pandan otorite ki reprezante Leta rete bèbè tankou yo pèdi lang, sa montre klèman kote peyi Dayiti rive. Jodi a, se pa yon sekrè ankò: pouvwa bandi yo depase pawòl, deklarasyon ak menas Leta a, e se pèp la ki toujou peye pri a ak lavi l, lavi pitit li ak avni li. Menas Lanmò Sanjou pou mete dife sou Lopital Inivèsitè Mibalè (HUM) pa senpleman yon pawòl nan lè a. Se yon nouvo frap nan kè frajilite Leta a, yon lòt provokasyon ki fè tout moun wè Leta fèb, paralize, ak san kapasite pou defann menm sa ki ta dwe senbòl dènye espwa sante nan zòn nan.
Ironi a se ke, pandan Lopital Jeneral nan Pòtoprens tonbe anba kontwòl zam, pandan lopital Mibalè fèmen depi apre atak 31 mas 2025, pandan aksè swen sante an Ayiti te deja yon privilèj olye yon dwa, chèf gang yo toujou jwenn kouraj pou yo di ak tout sanfwa yo n ap brile HUM. E se nan yon silans abityèl otorite yo, ki parèt tankou yo vin aprann viv ak menas sa yo, tankou yon nouvèl nòmal. Men eske sa nòmal? Eske yon peyi ka kontinye viv konsa, kote chak enstitisyon, chak lopital, chak ministè, chak antrepriz, toujou sou lis sa yo rele Viv Ansanm pou kraze, brile, rache? Kòman pou yon senp endividi gen tout pouvwa sa’a pou l santi l fyè pou l deklare san enkyetid lap brile yon patrimwàn tankou HUM? Eske se paske li jwenn ak garanti bò kote chèf legal yo,oubyen bò kote kominote entènasyonal lan?
Kèk mwa pase nou sonje menm chèf gang sa’a te deklare ak tout fòs li ,si leta Ayisyen gen malè Rache yon plim sou do l ,Leta ap gen pwoblèm ak ameriken. Pou Koulye a se HUM li menase gaspiye ,si leta ta lage Dwòn kamikaz mibalè. Eske deklarasyon sa yo fèt nan nayivte oubyen ak konesans ?Kisa sa di Otorite bò isit?
Lis sa a twò long: Ministè Edikasyon Nasyonal boule, ONA pase anba flanm,Legliz ,Komisarya ,Lekòl, antrepriz prive ak piblik disparèt anba flanm dife gang. Se pa dife sèlman ki boule, se espwa pèp la, se enfrastrikti peyi a, se tout tan ak lajan ki te envesti pou bati yon ti kras devlopman, k ap tounen sann. Otorite yo fè silans, yo pran pòz obsèvatè, yo gade dife a ap monte, tout ekonomi peyi a fin pase anba flanm ,pandan y ap peye deklarasyon san sans nan medya, san plan, san rezilta. Se pa yon eta, se yon dekorasyon Leta: vèt sou papye, vid nan reyalite.
Lè pawòl bandi pi fò, pi dirèk, pi respekte pase pawòl Leta, se pa sèlman Leta ki pèdi kredibilite, se nasyon an tout antye ki tonbe nan wont. Chak deklarasyon otorite yo san efè, chak promès sekirite ki pa janm reyalize, vin ajoute sou desepsyon ak fristrasyon pèp la. Se konsa, peyi a ap fonksyone tankou yon pyès teyat absid: kote bandi ekri script la, ak gouvènman an jwe figiran.
Nouvo konseye prezidansyèl, nouvo direktè lapolis, fòs miltinasyonal, lame: tout non sa yo tande bèl, tout yo pote ak anpil bri nan nouvèl. Men ki kote rezilta yo? Èske tout milye dola ki depanse pou misyon sekirite yo pral fini menm jan ak lopital yo ki vin sann anba menas siklòn Viv Ansanm? Èske n ap kite menm senbòl espwa tankou Lopital Inivèsitè Mibalè tonbe nan menm sò a, pou n vin kriye ankò sou rès?
Peyi ki kite bandi dikte ajanda l, se yon peyi ki siyen akt lanmò l. Si Leta pa leve kanpe pou defann enstitisyon vital tankou lopital, si li pa pran dispozisyon klè pou kase menas yo, sa vle di li fè alyans ak fèb li, e li transfere pouvwa a nan men moun ki piye lavi moun chak jou. Se pa yon kesyon de opozisyon, se pa yon kesyon de majorite, se kesyon de siviv yon nasyon.
Editoryal -Centre à la Une Fragile Florince e Jean Launy AVRIL