Fache akoz gouvènman chwazi bloke 26 flatfòm rezosyal lan peyi a tankou: Facebook, YouTube, LinkedIn, X, Instagram, WhatsApp, Signal et WeChat,yon gwoup jèn manifestan nan peyi Nepal te anvayi Katmandou, kapital peyi a, madi 9 septanm 2025, yo pran kontwòl batiman piblik yo, yo mete dife nan konplèks Singha Durbar, espas ki abrite biwo premye minis lan ak divès lòt ministè. Palman ak kay dirijan politik yo pase anba dife.
Sitiyasyon yo te pral melanje yon jou aprè manifestasyon kont blokaj 26 rezo sosyal ak koripsyon ki lakòz 19 moun mouri ak plis pase 400 blese, lendi 8 septanm 2025.
Premye Minis Nepalè a, Khadga Prasad Sharma Oli, te di l pwofondeman atriste epi kalifye ensidan de trajik.


Madi 9 septanm lan pandan mitan jounen an chèf gouvènman anonse l remèt demisyon li ak plizyè minis nan lide pou gen mezi ki pran pou yon solisyon politik.


Nan yon kominike, prezidan nepalè a, Ramchandra Paudel, mande inite, li mande tout moun kopere pou yon rezolisyon pasifik sitiyasyon difisil peyi a ap travèse.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841