Se chak ane menm sèn nan repete an Ayiti: lè moman pou relouvri lekòl yo pwoche, paran, pwofesè, elèv ak tout sosyete a vin tranpe nan yon gwo enkyetid. Men ane 2025 la, enkyetid sa rive nan yon nivo ki pi grav toujou, paske kontèks sosyal, ekonomik ak sekirite peyi a mete tout bagay nan lonbraj ensètitid.
Premye gwo kesyon se: ki kote elèv yo pral etidye? Plizyè lekòl nan kapital la ak nan pwovens kraze anba atak ame, lòt boule nèt, anpil transfòme an refij pou moun deplase. Lekòl Jeneral, inivèsite piblik, menm ti lekòl prive nan katye popilè yo, yo tout sibi menm sò a. Lè yo pale de relouvri lekòl nan mwa oktòb, èske yo ap pale de lekòl nan sans klasik la, oswa se yon reyalite makiye pou fè pèp la santi gen yon “normalite” ki pa egziste?
Dezyèmman, kesyon sekirite a rete san repons. Paran yo pè voye pitit yo lekòl, paske wout yo se yon teren laterè: kidnape, ransòn, tire, blokis gang. Yon elèv k ap kite Sodo pou l al nan Mibalè, oubyen k ap travèse Pòtoprens chak maten, vin tounen yon proi fasil pou kriminèl yo. Lè Leta di lekòl ap relouvri nan mwa oktòb, èske yo gen yon plan konkrè pou pwoteje timoun yo, oswa se yon pawòl vid, yon lòt promès nan lis san bout?
Twazyèm kesyon an: ki resous pou lekòl yo fonksyone? Anpil pwofesè poko touche plizyè mwa salè yo, lekòl piblik yo pa gen materyèl didaktik, paran yo kraze anba chay pri liv, inifòm ak transpò. Yon ekonomi ki deja ap soufri anba blokis, enflasyon, ak chomaj pa kapab sipòte chaj lekòl la. Paran yo, olye yo ap prepare pitit yo ak kaye ak plim, yo ap chache kote yo ka kouri kache anba menas bal ak grangou.
Anplis, genyen yon gwo ensètitid politik ki kouvri tout dosye relouvri lekòl la. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak gouvènman an montre yo pa gen vizyon pou mete yon politik edikatif ki reyèlman adapte ak kriz nasyonal la. Yon peyi ki gen dè milye timoun deyò lekòl, ki pèdi plizyè ane akademik, ta dwe lanse yon plan ijans edikasyon pou repare dega yo. Men, jiska prezan, sa nou jwenn se silans, diskou san pwogram, ak yon ministè edikasyon ki parèt pi plis kòm yon obsèvatè pase yon aktè.
Lè yo pale de reouvèti lekòl nan mwa oktòb, anpil sitwayen wè plis yon pwopagann politik pase yon desizyon ki baze sou reyalite. Paske verite a klè: san sekirite, san estrikti, san pwofesè motive ak san lekòl reyèl pou louvri, pawòl relouvèti a se sèlman yon dra pou kouvri wont Leta ki lage pitit peyi a nan lari.
Se la nou dwe poze gwo kesyon ki senp, men esansyèl: eske timoun ayisyen yo gen dwa pou yo aprann nan yon anviwònman ki an sekirite? Eske n ap kontinye aksepte pou avni nasyon an jwe sou lotri gang, neglijans ak pawòl vid? Si Leta ak elit yo kontinye fèmen je yo sou reyalite sa a, konsekans yo ap pi grav toujou: yon jenerasyon pèdi, yon sosyete ki vin pi frajil, ak yon peyi ki ap glise pi fon nan twou san fon.
Pou fini, se pa sèlman kesyon ouvèti pòt lekòl yo nan mwa oktòb ki ta dwe poze, men pito: nan ki kondisyon yo pral ouvri? Paske yon lekòl ki pa sekirize, ki pa ekipe, ki pa gen pwofesè peye, ki pa ka bay timoun yo yon ti manje cho, se pa lekòl, se yon pyèj. Otorite yo dwe reponn ak responsablite yo, paske chak ane pèdi nan lavi yon timoun, se yon tranch avni yon nasyon k ap disparèt.
Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une