Sou demand Inite lit Kont koripsyon ULCCHaiti, Lapolis mete anba kòd, Luma Demetrius, ansyen majistra vil Wanament lan, madi 16 septanm 2025 pou koripsyon.

Se anviwon 4 moun ki jwenn arestasyon yo nan kad afè a, pami yo ansyen majistra asesè Jose Laguerre, Direktris Travo Piblik Nòdès, enjenyè Alténor Horderlyne epi Célicourt, direktè mache kominal la.

Pou kounye a yo nan men lapolis annatan komisè gouvènman bay lòd pou mete yo nan depo.

Plase nan tèt meri Wanament depi 2016 jouk 2025, Luma Demetrius, te endekse pa ULCC nan lane 2023 pou abi fonksyon.
Atravè ankèt li, ULCC te mete ajou plizyè iregilarite koripsyon konsènan manb katèl epòk la.
Rapò a te revele ajan enterimè yo te òganize vant ozanchè san ekspètiz Lakoudèkont. Nan okazyon sa majistra yo te vann Alfred Castin, yon baskil meri a pou 20.000 goud. Majistra asesè, Jose Laguerre, bò kote pa l te sèvi ak pozisyon l pou detounen materyèl meri, ladan l gen motosiklèt.
Jose Laguerre se pwopriyetè LAGOSECOM, yon antrepriz materyèl elektwonik, ak konplisite Demetrius, Laguerre te atribiye kòmand materyèl elektwonik ak meri a odetriman prensip pasasyon mache yo.

Lune Actu

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841