Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), nan yon kominike nan dat 19 septanm 2025, pibliye rezilta konplè Egzamen Bakaloreya (Segondè 4 ak Bak pèmanan) pou tout 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.
To reyisit nan nivo nasyonal pou Bak Inik (Segondè 4) la se 44.96%. Sa vle di genyen 42 466 kandida ki admi sou yon total 94 461 ki te patisipe nan egzamen yo. Nan nivo depatman yo, to reyisit la prezante konsa :
Latibonit : 36.24%
Nòdwès : 30.99%
Sidès : 53.64%
Sant : 49.72%
Nòdès : 36.65%
Sid : 66.93%
Grandans : 61.87%
Nò : 49.73%
Nip : 54.64%
Lwès : 40.68%.
Ministè a enfòme rezilta pou dezyèm sesyon bakaloreya pèmanan yo (Segondè 4 ak Bakaloreya tradisyonèl yo rele filo a) pou ane 2024 – 2025 yo disponib tou nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.
Kanta rezilta pou Lekòl Nòmal Enstititè ak Jadinyè danfan, MENFP fè konnen y ap pibliye anvan lontan.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE