Nan depatman Sant, sou yon total 5 754 kandida ki te patisipe nan egzamen yo, sèlman 2 861 admi, swa yon to echèk 50.28%. Tandans lan pa diferan pou rekale yo kote 61.16% elimine.

Si se yon katastwòf nan Latibonit, se yon echèk nan Sant nan egzamen ofisyèl Leta bakaloreya ak nan bakaloreya inik NS IV yo.

Dabò, pou eprèv ofisyèl ane akademik 2024-2025 la, sèlman 2 861 kandida admi sou 5 754 patisipan, pou yon to reyisit 49.72%, daprè sa MENFP kominike.

Paralèlman, 2 893 lòt elimine, swa yon to echèk 50.28%, daprè tablo rezilta yo.

Ansuit, MENFP pibliye tou rezilta rekale nan rejyon Sant lan. Done BUNEXE yo fè eta 275 admi sou 708 patisipan, pou yon to reyisit 38.84%. Sa fè nou wè yon to echèk 61.16%.

Echèk sa kandida Sant yo pran an èske li reflete deklarasyon resan minis Edikasyon nasyonal la, Antoine Augustin te fè lè li afime : << Lekòl nasyonal nan peyi a kraze. Elèv fou, paran fou, anseyan fou ? >>

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841