Nan yon korespondans polisye Brigad Entèvansyon Motorize (BIM) k ap travay nan depatman Latibonit yo (komin Lyankou) ekri DG a.i PNH la Vladimir Paraison semèn sa a, polisye yo pote divès doleyans kont « abi otorite » yo sibi anba men responsab Awondisman an, komisè prensipal Jude Jean Chery, ki te ame plizyè sivil nan zòn nan, kote menm sivil sa yo se bandi, selon korespondans lan Centre à la UNE gen yon kopi.
Polisye yo mande pou wo kòmandman PNH la pran gwo mezi kont responsab komisarya Lyankou a, enspektè prensipal Gaby Willias, ki te abandone yo jou atak la, kote li t ap pran plezi li nan komin Vèrèt.
Selon korespondans lan, sa ki plis atire atansyon polisye yo sou atak gang Gran Grif la ki gen chèf teroris Lucson nan tèt li, se » komisè prensipal komisarya Lyankou a, Jude Jean Chery, ki te ame plizyè jèn gason sou pretèks yo fè pati Kowalisyon.
Nan moman atak la ki te fèt soti 1h pou rive 5h nan maten, nan tout espas jèn sa yo komisè Chery te ale yo te ye yo, polisye yo di yo pa te wè menm youn. Pi mal, menm nan jèn sa yo ki te konn tout kote nan komisarya a te disparèt tankou yon kout zèklè.
Pi lwen, polisye yo fè konnen komisè prensipal Jide Jean Chery te fè gwo presyon sou yo, pandan tou li te fòse yo aksepte travay de konsè ak sivil li te ame yo ki, poutan, te mete plizyè barikad epi tire anpil kout bal sou polisye yo nan moman yo t ap dezangaje a, toujou selon korespondans lan.
Polisye yo fini pou mande sendika lapolis la ki se SYNAPOHA, pale pou yo kont abi otorite yo sibi anba men komisè Chery ki te retire 12 ajan UDMO ki pa te ka kenbe komisarya Lyankou a, pou mete sèlman 5 polisye BIM san menm motosiklèt, alevwa pou yon machin.
N ap raple, maten lendi 15 septanm 2025 pase a, bandi ki ame jouk nan dan ki fè pati gang « Gran Grif » la nan Savyen, te pran daso komisarya Lyankou a nan depatman Latibonit. Teroris yo te boule batiman an epi repouse 5 polisye BIM ki te nan komisarya a.
Fas ak korespondans sa a polisye yo ekri responsab an chèf PNH la aprè komin Lyankou fin tonbe anba men bandi yo, anpil moun mande kisa ki te anpeche polisye yo denonse komisè prensipal Jude Jean Chery ?
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE