Weekend ki sot pase a, peyi Dayiti te sipoze selebre ak fyète nesans Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, gason ki te sakrifye tout lavi l pou libète pèp nwa a, pou leve tèt moun ki te pase nan chenn, pou trase yon avni kote pye pèsonn pa ta dwe ret sou kou pèp sa ankò. Men, olye se yon fèt ki pote lespwa, se tounen yon refleksyon doulè, yon efori vid, yon souflet marasa pou memwa Anperè a, ki ta ka poze kesyon fondamantal: Ki kote nou sòti? Kilès nou ye? Ki kote nou prale?

Lè nou gade reyalite jodiya, pèp ayisyen ap viv anba menm chenn, menm esklavaj, sèlman mèt yo chanje non ak fòm. Olye chenn fè an fè ak kabrit, se grangou, mizè, ensekirite, koripsyon ak trayizon k ap kraze ren nasyon an. Dessalines ki te leve drapo endepandans lan pou retire pye blan sou kou pèp la, ta wè ak endiyasyon jodiya se pitit peyi a ki mete pye sou kou frè ak sè yo, atravè gang, politisyen venal, ak yon sistèm ekonomik ki kontinye taye banda sou do pi pòv yo.

Ki sans gen nan selebrasyon nesans Papa Nasyon an lè tout sakrifis li yo vin redwi a pawòl vid nan diskou politik? Lè non Dessalines vin sèvi kòm makiyaj pou yon elit san vizyon, ki manipile memwa li pou kouvri trayizon yo? Dessalines pa t goumen pou peyi l tounen yon tè kote lekòl boule, lopital kraze, timoun ap mouri ak grangou, jèn yo ap kouri kite peyi, ak kote pèp la depafini nan lari. Anperè a te mouri ak kè l chaje ak yon sèl rèv: pou n leve tèt, pou n viv lib, pou n respekte youn lòt. Men rèv sa, de syèk aprè, se tounen yon kochma kolektif.

Nou dwe gen kouraj poze gwo kesyon yo: èske se pou sa Dessalines te mouri? Èske se pou sa li te mete tèt li nan dan bal, nan dan trayizon, pou nou ta ret jodiya ap viv ak tèt bese devan fòs etranje, ap kite yon ponyen nèg ak zam, yon ti gwoup politisyen, yon ti boujwa rapas ak pwofitè kontinye detounen avni nasyon an? Chak fwa nou rele non Dessalines san nou pa viv nan lespri li, se tankou n ap plis pwofane memwa li olye n ap onore l.

Fèt nesans Papa Nasyon an ta dwe yon moman refleksyon kolektif sou ki kalite peyi nou vle bati. Paske jan bagay yo ye la, se pa endepandans nou ap viv, se yon koloni entèn, yon “esklavaj anndan kay” kote nèg vann frè yo, boujwa vann peyi a, politisyen vann moral yo, pandan pèp la kontinye peye pri trayizon ak konpwomi yo.

Se poutèt sa, pandan tout efori ak pawòl vid yo ap fè sikile sou memwa Jean-Jacques Dessalines, verite a rete klè tankou dlo nan solèy: Anperè a ta wont si li te gade peyi a jodiya. Li ta wont wè sakrifis li yo fini nan sann trayizon, nan pye sou kou pèp la, san okenn orizon klè.

Dessalines se pa yon estati nan plas piblik, ni yon non sou yon bouk. Dessalines se yon vizyon, se yon rev, se yon misyon. Tantasyon pou fè l tounen yon pye fig frèt, yon mak pwopagann, se pi gwo krim moral yo kont memwa li. Fèt nesans Papa Nasyon an ta dwe raple nou ke veritab omaj se pa nan pawòl, men nan aksyon: leve pye sou kou pèp la, retire chenn yo, kraze sistèm esklavaj modèn ki kontinye ap fè nou tounen esklav nan pwòp peyi nou.

Jean Launy AVRIL, editoryalis -Centre à la Une

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar