Nan okazyon jounen nesans papa nasyon Ayisyèn nan, Jan Jak Desalin 20 septanm, anbasad peyi Lafrans ak tout anbasad amerikèn ann Ayiti, tankou tout Ayisyen, selebre lavi lidè Revolisyon Ayisyèn nan ki te pran nesans nan Grand Rivyè Dinò 20 septanm 1758 selon sa listwa rakonte.

Peyi Etazini, atravè anbasad amerikèn ann Ayiti ki gen nan tèt li chaje dafè Henry T. Wooster, selebre lavi Anperè Ayisyen an nan mo sa yo : « Jodi a, Ayiti rann omaj a Jan Jak Desalin, yon figi enpòtan nan endepandans Ayisyèn nan ak nan listwa nasyonal la. Eritaj li kontinye enspire rezistans ak inite. Avni Ayiti se pou Ayisyen yo menm.

« Pi lwen, peyi Lafrans li menm tou atravè anbasadè li ann Ayiti Antoine Michon, selebre lavi defansè libète mondyal la nan mo sa yo : « Nan jou sa a ki komemore nesans Jan Jak Desalin, Anbasad Lafrans rejwenn pèp Ayisyen an pou rann omaj a memwa fondatè nasyon ayisyen an. Yon potorik gason nan listwa peyi d’Ayiti. Desalin te angaje l pou libète ak diyite moun.

« Sou tout rezo sosyal yo tankou Facebook, X, Tiktok, Youtube, WhatsApp, Instagram… Sitwayen Ayisyen yo ki nan 4 kwen mond lan komemore epi selebre lavi papa Desalin, yon fason pou kontinye imòtalize yon nèg fò ki chaje ak kouraj, yon ansyen esklav ki te bay Ayiti endepandans li anba jouk lesklavaj peyi Lafrans.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841